Lendi 17 jen, se te katriyèm jou konpetisyon nan Koup d Ewòp Nasyon yo avèk dezyèm match gwoup D a ant Lafrans ak Otrich epi gwoup E a ki ta pral rantre nan konpetisyon an.
Pou premye match nan gwoup E a ki t ap jwe a 9 è maten an, Ikrèn pa te peze lou menm devan Woumani ki krabinen li 3 – 0. Woumani te louvri eskò a nan premye mitan gras ak N. Stanciu nan 29èm minit. Apre sa se nan dezyèm mitan li ta pral make 2 lòt gòl avèk R. Marin nan 53èm minit epi D. Drågus nan 57èm minit. Menm si Ikrèn te mete pye li sou balon an, 72% posesyon an kont 28 pou Woumani, se Woumen yo ki te genyen batay efikasite a devan gòl la, sa ki fè yo ranpòte yon bèl viktwa 3 – 0.
Dezyèm match nan gwoup sa a ant Bèljik ak Eslovaki ki t ap jwe a midi ta pral vini ak youn nan pi gwo sipriz Ewo 2024 yo. Dyab wouj yo ta pral pran yon gòl depi nan 7èm minit ki ta pral tou kole nan kòsaj yo. Gòl sa a se I. Schranz ki te make li. Malgre yo te gen yon bèl posesyon, 61 kont 39 pou Eslovaki, yo pa te janm rive jwenn chemen filè a. Se konsa Eslovaki mete do yo atè pou li pran 3 pwen an k ap enpòtan anpil pou rès konpetisyon an.
Anfen nan dezyèm match gwoup D a ant Lafrans ak Otrich ki t ap fèt a 3 zè, se ta pral yon lòt sipriz ankò. Alòske tout moun t ap tann atakan vedèt entènasyonal fransè yo tankou Mbappé, Griezmann, Giroud, yo pa te briye menm nan match sa a. Si Lafrans ranpòte 3 pwen an kanmenm, se gras ak yon gòl yon jwè Otrich, Wöber, te make kont kan li nan 38èm minit.
Sitiyasyon nan gwoup D ak E apre jodi a : Peyi Ba ak Lafrans an tèt gwoup D avèk 3 pwen sou 3 yo chak, Polòy ak Otrich gen 0 sou 3 ; Woumani ak Eslovaki nan tèt gwoup E a ak 3 pwen sou 3 yo chak epi Bèljik ak Ikrèn gen 0 sou 3.
Demen madi 18 jen an se gwoup F la ki pral rantre nan batay avèk 2 match sou pwogram nan :
Tiki – Jòji a midi
Pòtigal – Rep. Tchèk a 3 zè.
