Siklòn Beryl : Ayiti rete vijilan

Siklòn Beryl ki te pase nan nivo yon manman siklòn kategori 4 yè dimanch 30 jen an pèdi yon galon jodi lendi 1e jiyè a pou li pase nan kategori 3. Men li toujou reprezante gwo danje sitou pou Ti Zantiy yo kounye a.

L ap deplase avèk rapidite nan direksyon Lwès, Nòdwès avèk vitès 31 km/lè an mwayèn.

Beryl ap evolye nan yon anviwònman ki favorab pou pèmèt li pran manm. Sa vle di li toujou posib pou li repase nan kategori 4 ankò avan li rive sou Ti Zantiy yo.

Nan peyi d Ayiti, popilasyon an bezwen suiv nouvèl meteyo epi obsève konsiy otorite yo sou evolisyon siklòn sa a pou konnen si l ap reprezante yon danje pou peyi a pou nou pa nan di si m te konnen.

Ayiti, rete veyatif !

Description de l'image