Samdi 1e jen make kòmansman sezon siklòn nan k ap fini jis 30 novanm.
Nan ka sa a li enpòtan pou popilasyon ayisyèn nan ki deja anba tout kalte katastwòf moun rete veyatif pou li pa tonbe nan mete apse sou klou.
Ane sa a, previzyon yo anonse yon sezon siklòn k ap aktif anpil. Ap genyen 2 fwa plis sistèm siklòn pase jan sa konn ye an jeneral. Ap genyen 23 sitèm siklòn, pami yo gen 12 ouragan avèk 5 majè.
Siklòn yo fòme apati tanperati nan sifas lanmè a ak jan van yo òganize nan atmosfè a. Ane sa a, anpil previzyon montre fenomèn la niña a ap retounen. Akoz tanperati sifas oseyan Atlantik la ki siperyè ak jan sa konn ye nòmalman depi 2 zan epi ki sanble p ap chanje nan pwochen mwa yo, kondisyon yo sanble reyini pou gen plizyè siklòn ki fòme ane a.
Men non siklòn yo kenbe pou ane 2024 la : Alberto, Beryl, Chris, Debby, Ernesto, Francine, Gordon, Hélène, Isaac, Joyce, Kirk, Leslie, Milton, Nadine, Oscar, Patty, Rafael, Sara, Tony, Valérie ak William.
Nan lis sa a gen non ki te la deja ki retounen Òganizasyon Mondyal Metewoloji retire non siklòn ki te koze dega epi ki te touye moun. Yo mete non fransè, non anglè ak non espanyòl nan lis la.
