Seremoni gradyasyon 455 nouvo Polisye espesyalize nan PNH

Jodi madi 18 jen 2024 la, se te seremoni gradyasyon 455 nouvo polisye espesyalize nan Lapolis Nasyonal d Ayiti nan Lekòl Nasyonal Lapolis la ki chita sou wout Frè nan komin Petyonvil.

Polisye sa yo soti an majorite nan 33èm pwomosyon PNH la. Yo sot resevwa yon fòmasyon espesyalize pou yo kapab entegre fòs espesyalize lapolis la tankou BRI, SWAT, UTAG, Polifront, CIMO, BOID, BLVV ak UDMO

Nan okazyon sa a, anpil gwo otorite politik ak otorite polisyè te prezan. Pami pèsonalite ki te prezan, te genyen Direktè Jeneral a.i. Lapolis Nasyonal d Ayiti a, Mesye Frantz Elbé ki te akonpaye ak Manm Wo Kòmandman Lapolis la, Prezidan Konsèy Tranzisyon an, Mesye Edgard Leblanc Fils, Premye Minis la, Doktè Garry Conille, Minis Jistis la, Mèt Carlos Hercule, Manm Kò Diplomatik la.

Nou te kapab remake tou Kòmandan an Chèf Fòs Lame d Ayiti yo, Lyetnan Jeneral Jodel Lessage nan premye lòj nan kad seremoni espesyal sa a.

Nan diskou sikonstans li, Kòmandan an Chèf Lapolis Nasyonal d Ayiti a, Mesye Frantz Elbé te mete aksan sou ranfòsman kapasite lapolis la nan jan li òganize ak kapasite pou li opere, pandan li presize nouvo polisye sa yo ki vin entegre fòs espesyalize yo enpòtan anpil nan kad konba y ap mennen kont zak bandi sou tout fòm. Li te tou pwofite di gouvènman ayisyen an mèsi pou efò li yo nan avantaj lapolis la, epi li te salye tou kontribisyon diferan patenè PNH la.

Li te tou pwofite bat bravo pou polisye fanm ak gason vanyan PNH la.

Bò kote pa li, Chèf CSPN nan, Doktè Garry Conille te felisite sans sakrifis ak devwa polisye yo ki angaje nan batay pou retabli lòd ak lapè. Premye Minis la pwomèt gouvènman li a ap kontinye akonpaye PNH la

Prezidan Konsèy Tranzisyon an li menm, Mesye Edgard Leblanc Fils, fè konnen nan diskou li Konsèy Tranzisyon an ap fè tout sa ki posib pou yo pi byen akonpaye Lapolis Nasyonal d Ayiti a, nan aksyon l ap antreprann pou kraze fwaye gang yo, pou pèmèt sitwayen pèzib yo kapab al règle zafè yo nan tout libète.

«Nou angaje nou volontèman, an konesans gwo ris ki genyen menm sou lavi nou, pou nou defann peyi a, leve eskanp figi l ; pou nou pwoteje epi sèvi popilasyon an sitou lè l santi l an danje. Bravo ! Bravo ! Felisitasyon pou nou ! Mwen vle di nou, mwen vle asire nou menm ansanm ak tout fanmi nou, zanmi nou, administrasyon Leta ki la a sou direksyon Premye Minis Conille ak Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an ap akonpaye nou nan tout operasyon nou pral mennen pou derasinen gang ak zam yo. Nou p ap janm pou kont nou. M ap repete : NOU P AP JANM POU KONT NOU.» Se deklarasyon Mesye Edgard Leblanc Fils, Prezidan Konsèy Tranzisyon an.

Description de l'image