Chak ane, 14 fevriye, moun atravè lemonn selebre Sen Valanten, yon jou espesyal kote lanmou pran tout plas li. Men, ki kote fèt Sen Valanten an soti ? Kilès ki envante li ? Eske li se yon fèt sèlman pou moun ki damou? An n fonse nan istwa ak siyifikasyon li pou nou ka konprann pi byen sa ki kache dèyè tradisyon sa a.
Ki kote Sen Valanten soti ?
Istwa Sen Valanten pa klè nèt, men gen plizyè lejann ki eseye esplike orijin li. Youn nan istwa ki pi popilè yo rakonte Sen Valanten te yon pè ki t ap viv nan epòk Anpi Women, pandan rèy Anperè Klod II.
Nan epòk sa a, Klod II te panse gason marye yo pa ka fè bon sòlda paske yo plis ap panse ak fanmi yo. Se konsa, li te entèdi maryaj pou jèn gason. Men, pè Valanten pa te dakò ak desizyon sa a. Li te kontinye marye jèn koup an kachèt. Lè Klod II te dekouvri sa, li te fè mete Valanten nan prizon epi li te kondane li amò jou 14 fevriye 269 aprè Jezi Kris.
Yon lòt lejann di pandan Sen Valanten te nan prizon, li te vin zanmi ak pitit fi gadyen prizon an, epi li te voye yon ti nòt pou li ak siyati «Soti pou Valanten ou» ki ta ka youn nan premye kat Sen Valanten ki te janm ekri.
Siyifikasyon fèt Sen Valanten
Jodi a, Sen Valanten se pi gwo fèt ki selebre lanmou atravè lemonn. Men èske lanmou sa a sèlman pou koup ki damou ? Non ! Paske lanmou gen plizyè fòm : lanmou ant mari ak madanm, men tou lanmou ant fanmi, zanmi, frè ak sè, paran ak pitit, eks.
Nan kèk peyi, tankou Lafrans ak Etazini, Sen Valanten plis konsidere kòm yon fèt pou amoure kote moun bay flè, chokola, kado, oubyen ale dine ansanm. Men nan lòt peyi tankou Fenlann ak Estoni, yo selebre «Jou Zanmi yo» kote moun montre apresyasyon yo pou zanmi yo menm jan ak jan koup ki damou fè li.
Nan peyi Afrik ak Karayib yo, gen moun ki panse Sen Valanten se yon fèt komèsyal kote magazen yo pwofite fè lajan nan vann kado. Malgre sa, anpil moun toujou jwi jounen an pou mete lanmou ak afeksyon yo an valè.
Selebrasyon Sen Valanten atravè lemonn
Gen diferan fason moun selebre Sen Valanten nan divès peyi :
Lafrans, anpil moun di ki se peyi lanmou, selebre Sen Valanten ak dine amoure, kado ak mesaj lanmou.
Etazini, moun bay kat, flè, chokola, epi kèk gason pwofite fè demann maryaj jounen sa a.
Japon, se fanm yo ki bay gason yo kado ! Apre sa, nan 14 mas, gason yo reponn ak kado pou fanm yo.
Brezil, yo pa selebre Sen Valenten nan fevriye, men pito 12 jen, kote yo selebre «Jounen Amoure yo».
Ayiti, anpil moun fè ti jès amoure tankou voye mesaj, achte kado, fè dine oswa planifye aktivite espesyal ak moun yo renmen.
Kesyon ki antoure Sen Valanten
Èske Sen Valanten se pou tout moun ? Wi ! Malgre anpil moun panse li se yon fèt pou moun ki gen mennaj, madanm, oswa mari, li kapab yon okazyon pou ou montre nenpòt moun ou renmen jan ou apresye li.
Eske Sen Valanten se yon fèt relijye ? Li te komanse kòm yon fèt katolik pou onore Sen Valanten, men jodi a, li plis vin tounen yon fèt komèsyal ak kiltirèl kote lanmou selebre san okenn baryè relijye.
Eske li nesesè pou bay kado ? Non, men se youn nan fason moun eksprime lanmou yo. Pafwa, yon ti mo dous, yon mesaj sensè oswa yon jès senp ka fè plis efè pase yon gwo kado.
Kisa pou ou fè si ou pa gen mennaj, mari oswa madanm jou Sen Valanten ?Ou ka selebre ak zanmi, fanmi oswa menm pase jounen an ap bay tèt ou lanmou ! Ou ka fè yon bagay ou renmen, al gade yon fim, fè yon manje espesyal oswa pase bon tan ak moun ki konte pou ou.
Pou fini, fèt Sen Valanten se yon jou espesyal kote lanmou selebre nan tout fòm li. Kit ou se yon amoure, kit ou pa gen mennaj, mari oswa madanm, ou ka toujou itilize jounen sa a pou eksprime lanmou ak rekonesans ou pou moun ki konte pou ou. Lanmou se pa sèlman sa nou wè nan relasyon amoure yo, men tou lanmou ki ini fanmi, zanmi ak frè ak sè gen tout enpòtans li tou nan lavi nou.
Bòn fèt Sen Valanten !
Holson Montina
