Selebrasyon 221 lane endepandans : pasyans Leslie Voltaire bout

Konsèy Tranzisyon an te make 221 lane fèt endepandans peyi a, joodi 1e janvye 2025 la nan Viladakèy, kontrèman ak tradisyon nasyonal la ki vle se nan Vil Gonayiv pou seremoni sa a ta dewoule. Vyolans gang ame yo fè menm pi gwo otorite Leta yo renka. Pawòl la di gangan ba ou pwen men li pa voye ou al dòmi nan kafou. 

Premye minis Alix Didier Fils-Aimé ak manm gouvènman li a te prezan nan selebresyon sa a, ansanm ak Kòmandan an chèf Fòs Lame d Ayiti a, Lyetnan Jeneral Derby Guerrier, Direktè Jeneral Lapolis Nasyonal d Ayiti a, Mesye Rameau Normil, epi manm Kò Diplomatik la ak divès lòt otorite nan peyi a.

Nan okazyon sa a, Prezidan Konsèy Tranzisyon an, Mesye Leslie Voltaire pwomèt pou Konsèy la mete tout mwayen pou lane 2025 la pi bon pou pèp la, pandan li wete chapo devan kouraj Zansèt yo ki te goumen pou libere peyi a anba esklavaj. Li fè konnen yo pral mete lapè nan tout peyi a nan lane 2025 la pou bon jan kondisyon ka reyini pou eleksyon kapab reyalize.

Mesye Leslie Voltaire fè konnen pasyans li bout, leta nan lagè pou derasinen tout gang nan peyi a. Li mande pou pèp la akonpaye Fòs lòd yo nan batay kont asasen, pou libere peyi a. Li salye èd peyi yo di ki zanmi Ayiti yo epi li di li konte sou yo pou ede peyi a gen lapè.

Prezidan Konsèy Tranzisyon an te tou pwofite lanse yon apèl bò kote peyi Lafrans pou remèt lajan dèt endepandans la, ak tout reparasyon, yo te tòdje kou Ayiti yo fòse li peyi apre li te fin mete do lame fransè atè nan batay pou dwa grandèt li.

N ap souliye pandan otorite yo t ap selebre 221 lane endepandans peyi a nan Viladakèy, plizyè kote nan zòn metwopolitèn Pòtoprens la, popilasyon an li menm se konsè bal bandi ame yo ki t ap rezonnen nan zòrèy li.

Description de l'image