Sekretarya Jeneral Laprezidans fè konnen, nan yon avi li pibliye, l ap rekrite ekspè pou li ranfòse ekip li. Moun l ap chache yo se kandida ki fouge epi ki konpetan pou pòs sa yo :
1. Ekspè nan Kominikasyon
2. Ekspè nan Sekirite
3. Ekspè nan Sekirite Alimantè ak Anviwònman
4. Ekspè nan Finans
5. Ekspè nan Dwa Administratif
6. Ekspè nan Kontablite
7. Ekspè nan Zafè Elektoral.
Kote ekspè yo pral travay se Viladakèy epi y ap gen yon kontra soti fevriye rive septanm 2025.
Kandida yo dwe prezante pwofil sa a :
1. Diplòm serye nan domèn moun nan ekspè a
2. Bon jan eksperyans pwofesyonèl nan yon pòs konsa
3. Anpil konpetans nan kominikasyon ak travay an ekip
4. Kapasite pou travay nan yon anviwònman dinamik kote plizyè kilti ap naje.
Yon moun ki ta renmen potekole pou Ayiti devlope epi ki ta renmen fè pati yon ekip devwe, li kapab voye yon Seve ak yon lèt motivasyon nan adrès [email protected] avan 10 fevriye 2025.
Sekretarya Laprezidans la fè konnen l ap fè pwomosyon pou divèsite epi li kondidere tout sèks, orijin, relijyon oswa andikap nan ekip li. Poutèt sa li ankouraje tout kandida pran chans yo depi yo kalifye.

