Sekirite : Otorite yo di yo tande e konprann kri popilasyon an

Otorite peyi d Ayiti yo pa janm rate yon okazyon pou renouvle angajman yo pou retabli sekirite nan peyi a. Nan yon nòt pou laprès yo mete deyò 20 mas 2025 la, kote yo renouvle angajman yo pou retounen sekirite nan peyi a, yo deklare yo tande e konprann kri popilasyon an. Nòt sa a ki sanble tèt koupe ak yon repons manifestasyom popilasyon kèk katye te òganize mèkredi 19 mas la kont ensekirite a, li tou voye yon pinga bay popilasyon an pou li pa pran nan mapilasyon epi kite gang ak lòt kalte move je enfiltre mouvman li yo.

Men sa kominike a di san wete ni mete :

Pòtoprens, 20 mas 2025.-

Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT) ak Gouvènman an vle rasire chak sitwayen, chak sitwayèn, nou tande kri yo, nou konprann kè sote yo, epi nou rete fèm nan detèminasyon nou pou reponn ak revandikasyon lejitim pèp la. Peyi a ap travèse yon moman difisil kote ensekirite menase lavi ak byennèt chak sitwayen, chak sitwayèn, men batay la ap kontinye san rete pou retabli lòd, lapè ak estabilite sou tout teritwa a.

Depi plizyè mwa, plizyè aksyon estratejik ap mennen pou konbat ensekirite a. Operasyon militè ak polisye ki fèt deja pèmèt anpil bandi netralize oswa fè vwèl pou peyi san chapo.

Nouvo estrateji fòs lòd yo mete sou pye gen ladan itilizasyon dwòn ak lòt ekipman modèn ki vin ogmante kapasite repons lan. Sekirite pa yon bagay ki fèt ak yon sèl kout kle, men li mande metòd, pasyans, kowòdinasyon tout aktè yo ak patisipasyon aktif popilasyon an.

Nou konprann dezespwa ak enpasyans pèp la, e nou rekonèt gen anpil chimen ki rete pou n fè. Men, angajman nou p ap febli. KPT ak Gouvènman an ap double efò pou chak fanmi ka rekipere lavi yo ak diyite, pou chak sitwayen, chak sitwayèn ka retounen lakay yo san laperèz, san kè sere.

Nou mande chak sitwayèn chak, sitwayen rete vijilan, pou yo pa tonbe nan pyèj manipilasyon ak tout fòm dezenfòmasyon ki ka kreye konfizyon. Dwa pou manifeste se yon dwa konstitisyonèl an bay, men nou ankouraje popilasyon an rete sou gad li, pou evite gang ak lòt moun ki gen move entansyon pa enfiltre mouvman yo pou simaye latwoublay. N ap raple tout moun gen estrateji k ap fèt pou detounen revandikasyon lejitim pèp la pou mete ajanda politik ak enterè pèsonèl devan.

Description de l'image