Nan yon kominike pou laprès ki pibliye vandredi 21 mas 2025 la, Konsèy Tranzisyon an anonse kreyasyon yon komisyon nasyonal espesyal pou pasasyon mache piblik yo pou yo ka pa nan pèdi tan nan trete dosye mache ki gen rapò ak sekirite ak defans nasyonal, jan arete 12 fevriye 2020 sou kesyon sa a mande sa.
Se Primati a k ap dirije komisyon sa a ki genyen ladan li reprezantan Ministè Defans, Direksyon Jeneral Lapolis Nasyonal d Ayiti, Lakou Siperyè Kont ak Kontansye Administratif (CSCCA) ak Komisyon Nasyonal Mache Piblik (CNMP).
Kominike a presize komisyon sa a pral pèmèt Leta souke kò li nan pwosedi pou li bay tèt li materyèl nesesè nan lit kont ensekirite a, pou li amelyore kondisyon travay fòs lòd yo.
