Sekirite : Fritz Alphonse Jean mete tèt li deyò

© Laprezidans

Mesye Fritz Alphonse Jean ki se Kodonatè Konsèy Tranzisyon an mete tèt li deyò jodi 20 mas 2025 la pou al rankontre gwo otorite responsab sekirite yo pou brase lide pou jwenn remèd pou pwoblèm ensekirite a ki fin kokobe peyi a.

Rankont sa a ki te dewoule nan Direksyon Jeneral Lapolis Nasyonal d Ayiti a nan Klèsin te genyen Direktè Jeneral PNH la, Mesye Rameau Normil, Kòmandan an Chèf Fòs Lame d Ayiti a, Lyetnan Jeneral Derby Guerrier, Responsab Misyon yo di ki vin apiye sekirite an Ayiti a, ak plizyè lòt gwo potanta nan fòs lòd yo.

Nan okazyon sa a, otorite yo te chita pale sou kesyon ensekirite a ki fin detwi tout lespwa nan peyi a, kote lavi monte bwa, tout moun nan kouri, lekòl ak administrasyon Leta fèmen, epi jenès la lage san sekou, san limyè.

N ap souliye se pa premye fwa otorite yo reyini pou defini estrateji pou konbat ensekirite a, men malgre tout rankont sa yo, yo pa ko janm rive jwenn fòmil ki pou ta pèmèt popilasyon an rale yon souf. Okontrè, chak jou ki pase, sitiyasyon an ap vin pi anvlimen devan puisans gang yo ki sanble sèmante se Leta ki pou bat ba devan yo.

Description de l'image