Apre yon lane ap paweze nan tèt peyi a san regle anyen pou rezoud pwoblèm ensekirite a ki fin toufounan popilasyon an, Konsèy Tranzisyon an, apre mirak li t ap tann nan men Pèpetyèl Sekou, li remèt sò li kounye a bay Brigad Siveyans Zòn Pwoteje yo, BSAP, pou kache peche pou li devan enkapasite li pou pote yon repons kòrèk pou pwoblèm ensekirite sa a.
Apre pasyal li te fè nan Vatikan nan mwa janvye pase, ansyen Kodonatè Konsèy Tranzisyon an, Leslie Voltaire, te deklare menm jan Pèpetyèl Sekou te fè sa an 1882 nan Pòtoprens pandan epidemi ti vewòl la, li te mande Lavyèj pou li fè yon mirak pou peyi a, pou li fè gang yo rete nan wòl yo pou peyi a kapab gen lapè.
Fwa sa a, lè Konsèy Tranzisyon an reyalize Pèpetyèl Sekou pa okipe li, nan okazyon 3 avril 2025 la ki make anivèsè akò 3 avril la, nouvo Kodonatè Konsèy Tranzisyon an, Fritz Alphonse Jean, vire je gade BSAP pou di yon mo pou li devan enkapasite fòs lòd yo, Lapolis ak Lame, mete ak Misyon miltinasyonal yo di ki vin apiye sekirite an Ayiti a, pou konbat ensekirite a ki fin kokobe popilasyon an.
Nan okazyon sa a kote li t ap pale ak nasyon an, Kodonatè Konsèy Tranzisyon an, Fritz Alphonse Jean, te genyen avèk li tout gwo majò jon pouvwa a tankou Konseye Leslie Voltaire, Edgard Leblanc Fils, Louis Gérald Gilles, Smith Augustin, Emmanuel Vertilaire, Régine Abraham, Premye minis Alix Didier Fils-Aimé, Sekretè jeneral Palè nasyonal la, Marie Élisabeth Régine Joseph Haddad, Direktè jeneral Lapoli Nasyonal d Ayiti a, Rameau Normil, Kòmandan an chèf Lame a, Lyetnan Jeneral Derby Guerrier.

Mesye Fritz Alphonse Jean deklare pouvwa tranzisyon an a tande kri ak soufrans popilasyon an, epi li kanpe bò kote pèp la pou derasinen pwoblèm k ap ravaje popilasyon an.
Se poutèt sa Mesye Jean mande gouvènman an pou idantifye ajan BSAP ki ranpli tout kritè yo, pou asosye yo ak Lame epi Lapolis pou kapab mennen batay kont ensekirite a
