Primati a anonse jodi lendi 24 mas 2025 la avan Premye Minis Alix Didier Fils-Aimè ak Direktè Jeneral PNH la, Rameau Normil, te patisipe nan CSPN espesyal sou sekirite a, yo te enspekte ansanm yon echantiyon nan nouvo ekipman ki pral livre pou ranfòse kapasite operasyonèl PNH la.
Gouvènman an tou pwofite deklare l ap aji ak detèminasyon pou konbat ensekirite a.
Imaj sa a ta parèt tankou yon siyal fò ki ta montre pa gen pwoblèm nan mitan otorite CSPN yo, apre anpil bri te konn ap kouri sou rezo sosyal yo ki ta vle fè kwè ta gen chirepit ant gwo otorite yo ki responsab kesyon sekirite lavi ak byen sitwayen yo.

Yon lòt kote, li fasil pou obsève nouvo materyèl sa a de gwo otorite CSPN yo ap enspekte a se yon dwòn, kote je premye Minis Alix Didier Fils-Aimé anlè l ap analize. Dènye tan sa yo kote gang ame yo soti pou pran kontwòl tout kapital la, dwòn esplozif PNH yo gen anpil fanatik bò kote popilasyon an ki pa kapab ankò anba ensekirite kriminèl avèg sa a ki pa sispann mete dlo nan je.

Men an plis imaj, popilasyon an bezwen aksyon serye ki pou pèmèt li rale yon souf, pou li kapab rekòmanse viv nan lapè tout bon.
