Antrenè seleksyon ajantin nan, Lionel Scaloni konvoke 29 jwè nan kad match preparasyon avan kopa amerika 2024 la.
Ajantin gen pou li afwonte ekip Ekwatè a 9 jen epi Gwatemala 14 jen. Apre sa l ap tou fè malèt li pou al defann tit chanpyon li nan kopa amerika a ki gen pou dewoule nan peyi Etazini soti 20 jen rive 14 jiyè.
Apre plizyè ane ap soufri, Ajantin se ekip ki fè tout moun pè sou sèn mondyal foutbòl la nan moman sa yo, tèlman ekip la woule bèl boul. Apre li te fin chanpyon kopa amerika 2021, li t al chanpyon finalisima epi chanpyon dimonm 2022 nan peyi Kata. Pou kounye a, se li k ap mennen nan eliminatwa mondyal 2026 la nan zòn Amerik Disid la avèk 15 pwen, devan Irigwe ki gen 13.
Ajantin pral defann tit chanpyon li nan kopa amerika a nan poul ki genyen Pewou, Chili ak Kanada. L ap gen pou li jwe premye match li kont Kanada 20 jen a 8 è PM nan estad Mercedes-Benz nan Atlanta. Kopa amerika ane sa a ap reyini 16 ekip, 10 nan Amerik Disid ak 6 nan zòn Konkakaf la.
Lionel Scaloni marye eksperyans ak jenès pou li pote bon rezilta pou fanatik Ajantin yo. Kapitèn Lionel Messi devan, nan kopa amerika 2024 sa a petèt se dènye fwa Angel Di Maria ap gen chans make nan final pou seleksyon ajantin nan.
