Nan okazyon Selebresyon Jounen Entènasyonal Lang ak Kilti Kreyòl pou ane 2025 la, Fyète Kreyòl Enfo te chita pale ak Akademisyèn Rosilia François Corneille, Prezidant Akademi Kreyòl Ayisyen an, kote nou te abòde diferan tèm tankou : travay Akademi an reyalize depi egzistans li, evolisyon lang kreyòl ayisyen an nan sosyete ayisyèn nan, wòl fanm yo nan Akademi an ak nan pwogrè lang ak kilti kreyòl la, konsekans ensekirite a sou travay Akademi an, Selebresyon Jounen Entènasyonal Lang ak Kilti Kreyòl ane 2025 la, eks. N ap envite lektè nou yo apresye entèvyou sa a avèk premye fanm ki rive nan tèt Akademi Kreyòl Ayisyen an. N ap souliye se sou tèm : «Lang kreyòl, zouti devlopman nan tout Repiblik la» Akademi Kreyòl Ayisyen ap selebre Jounen Entènasyonal Lang ak Kilti Kreyòl ane sa a.
Fyète Kreyòl Enfo : Madam Rosilia François Corneille, Fyète Kreyòl Enfo gen privilèj chita pale avèk ou jodi a. Ou se Prezidant Akademi Kreyòl Ayisyen an. Èske ou kapab fè yon bilan de travay Akademi an depi li egziste ?
Rosilia François Corneille : Akademi Kreyòl Ayisyen an la pou li kore devlopman lang kreyòl la ki se travay Konstitisyon an ba li pou l fè. Li dwe travay pou lang nan gen yon estanda, travay pou lang nan jwenn vrè plas li nan sosyete a, se sa Akademi Kreyòl Ayisyen an ap fè.
Pou bilan travay Akademi an fè pandan 10 zan li an, yo anpil. Nou te kòmanse avèk yon karavàn nan tout depatman yo, mwen ta prefere di prèske tout depatman yo, nou mete yon premye rezolisyon deyò an 2017, epi 2023 nou mete dezyèm rezolisyon an deyò ; Nou genyen plizyè zouti referans n ap travay sou li, tankou : gramè, diksyonè jeneral, diksyonè jiridik, yon kaye syantik, elatriye. Nou fè fòmasyon pou jounalis, pwofesè, pou kèk enstitisyon ki mande sa.
Nou genyen an tou 11 komisyon andedan Akademi an pou nou kapab travay pi byen ; nou genyen premye konkou woman nou fè sou lobedyans komisyon kilti a ; Akademi Kreyòl Ayisyen ap travay pou li dekonsantre li pou li pa chita sèlman nan Pòtoprens ; tout sa se yon lide sou anpil travay Akademi an ap fè sou 10 zan li an.
FKE : Sou kesyon gramè ou di Akademi an ap travay sou li a, nou konnen anpil moun ap tann yon gramè referans pou kreyòl ayisyen an. Nan ki nivo travay sa a avanse ?
RFC : Travay pou gramè a avanse anpil. Men, avan nou soti yon dokiman, lè komisyon ki chaje pou sa a fin prepare li, li remèt li bay KAd (Konsèy Administrasyon AKA) la ki se 7 Akademisyen asanble jeneral vote pou dirije Akademi an, apre sa nou fè atelye pou mete tout Akademisyen okouran, pou yo bay dizon yo sou sa. Se la nou ye kounye a avèk gramè a. Chak kantite travay komisyon an fè, yo pote li bay KAd la e nou deja gen atelye ki fèt sou gramè sa a deja, avan nou pote li bay popilasyon an.
FKE ; Kounye a, kòm premye fanm ki vin Prezidant Akademi Kreyòl Ayisyen an, kijan anbyans la ye pou ou ?
RFC : Mwen se premye fanm ki nan tèt Akademi Kreyòl Ayisyen. Men fòk mwen di ou depi mwen rantre nan Akademi an an 2018, mwen te toujou fè pati de KAd la ki se 7 moun k ap voye je sou fonksyònman Akademi an chak jou. Soti 2022 rive 2024 mwen te Vis Prezidant, epi ane sa a mwen rive Prezidant. Se yon defi, paske medam yo an jeneral toujou ap bat pou yo pran responsabilite yo tout bon lè yo ba yo yon pòs responsabilite, pou yo satisfè tout moun. Menm si ou p ap ka rive satisfè tout moun, men omwens, fòk ou make pasaj ou nan tèt enstitisyon an yo ba ou responsab la.
Se konsa n ap travay e gen anpil Akademisyen ki kore nou. Petèt mwen kapab di travay la difisil men mwen pa kapab di Akademisyen yo ta wè sa yon ti jan mal paske se yon fanm k ap dirije. Okontrè, anpil nan yo, gason kou fanm, ap kore mwen, yo di mwen fòk mwen reyisi. Yo kore mwen epi yo di mwen se yo menm ki te vote mwen, fòk mwen reyisi. Mwen kapab di ou gen plis Akademisyen gason pase fanm e anpil nan yo te dakò pou m te vini nan tèt Akademi an, paske lè mwen te Vis Prezidant, moun ki te Prezidan an te vin gen yon pwoblèm, li pa te kapab rete nan peyi a, li te oblije pati e se mwen menm ki te jwe wòl la pou li. Lè sa a yo te satisfè de travay nwen, apre sa se anpil nan yo ki te vin mande mwen pou m vini nan tèt Akademi an paske yo te di yo wè mwen kapab, sou baz sa yo te wè mwen fè deja. Sa vle di mwen pa kapab plenyen pou konpòtman yo oswa konpòtman lòt moun. Men mwen di ou travay la difisil. Men difisil ou pa, n ap goumen pou nou reyisi, pou nou make pasaj nou nan Akademi an.
FKE : Nou konnen batay AKA ak lòt enstitisyon ap mennen pou kreyòl la rive jwenn vrè plas li nan sosyete a, tankou nan administrasyon piblik kou prive, nan edikasyon, eks. Ki wòl fanm yo an jeneral jwe nan batay sa a ?
RFC : Medam Ayisyèn yo gentan travay anpil pou lang kreyòl la. Kite m di ou, lè yon manman fè pitit, se li menm ki nan kay la ak pitit la, premye edikasyon an se li ki ba li l e se an kreyòl li fè li. Sa deja yon gwo pa li fè pou avansman lang kreyòl la. E fòk mwen di ou gen anpil enstitisyon ki genyen fanm nan tèt yo kote fanm sa yo dakò pou yo potekole pou lang kreyòl la jwenn vrè plas li. Genyen yon enstitisyon ki rele REFRAKA kote se fanm k ap dirije li, ki regwoupe yon kantite radyo, 19 an tou an Ayiti. Yo tout se radyo ki mete lang kreyòl la nan wonn sant lan. Tout sa y ap fè yo fè li pou lang kreyòl la e nan lang kreyòl la. Yo menm mande pou yo kolabore ak Akademi Kreyòl la pou nenpòt dokiman k ap soti nan AKA, yo pare pou yo fè pwopagann pou li. Sa fè 19 radyo kominotè ki travay an kreyòl, ki bay nouvèl an kreyòl e fè tout lòt emisyon an kreyòl. Nou gen lòt enstitisyon toujou ki se òganizasyon fanm ki fè menm jan an tou. Mwen pa wè fanm yo rete dèyè. Okontrè fanm yo travay anpil pou avansman lang kreyòl la.
FKE : Kijan ou wè evolisyon lang kreyòl la nan sosyete a jounen jodi a ?
RFC : Kreyòl la fè gran pa. Gen gwo avanse ki fèt nan lang kreyòl la. Kisa ki fè m kapab di sa ? Lontan ou te kapab parèt nan yon enstitisyon, depi ou pa pale fransè yo pa okipe ou, yo pa ba ou sèvis. Kounye a gen gran pa ki fèt. Lè ou rive nan enstitisyon yo, ou pale kreyòl, yo sèvi ou nòmalman. Sou rezo sosyal yo prèske tout ayisyen pale oubyen ekri an kreyòl. Men sa pa vle di travay la fini. Gen anpil sansibilizasyon pou nou fè toujou, pou edikasyon timoun yo fèt nan lang yo, pou popilasyon an jwenn sèvis nan lang li. Gen anpil desizyon li pou pran toujou. E lè n ap kapab frape lestomak nou pou nou di nou rive kote nou te vle rive a, se lè tout popilasyon an jwenn tout sèvis nan lang li. Lè sa a nou p ap di nou fin travay men n ap kapab di nou satisfè.
FKE : Dènyeman te gen yon avi ki t ap sikile sou entènèt la kote yon enstitisyon Inivèsitè entèdi etidyan li yo pale kreyòl. Men tou, sa a se li nou wè, men nou konnen genyen lòt pratik sa yo ki pa piblik. Kijan ou wè kesyon sa a, kòm Prezidant Akademi Kreyòl Ayisyen an ?
RFC : Akademi Kreyòl Ayisyen konn jwenn mòd konpòtman sa yo deja, lè konsa li konn fè entèvansyon bò kote lekòl la. Nou okouran de enstitisyon sa a ki fè travay sa a. Nou gentan ap travay sou sa pou nou voye yon nòt bay enstitisyon an, e si li pa ta chanje konpòtman, n ap toujou kontinye travay avèk li pou nou fè li pran konsyans lang kreyòl la se pou moun yo pale, pou yo jwenn sèvis yo ladan li, li pa gen dwa pou li mete entèdiksyon pou lang kreyòl la. Nan lòt enstitisyon kote elèv oswa etidyan konn viktim konpòtman sa yo, nou konn ale nan enstitisyon an menm, oswa nou konn voye yon nòt pou nou di men sa lwa a di : Nou genyen de lang, men nou genyen lang kreyòl la ki simante tout Ayisyen ansanm, konsa tout moun dwe pale e jwenn sèvis nan lang li. Gen lekòl ki te konn fè sa men gras entèvansyon nou, kounye a y ap mande pou Akademi an vin fè fòmasyon pou yo, pou yo antre kreyòl la nan tout aktivite yo, olye yo ta anpeche timoun nan pale kreyòl. Sa ki ta kapab lakoz timoun nan rete bèbè nan lekòl la, pou li pa kapab fè entèvansyon nan yon kou, pou li pale, poze kesyon paske yo mete baboukèt nan bouch li. Gras ak entèvansyon nou, lekòl sa yo dakò retire baboukèt la. Sou ka ou soulve la a, mwen kapab di ou nou gen entèvansyon nou pral fè sou sa pou nou montre enstitisyon an lang kreyòl la se lang pèp ayisyen an, tout moun gen dwa pale li jan li vle.
FKE : Èske gen sanksyon ki prevwa pou lè ka sa yo repete ?
RFC : Nan nivo Akademi an nou pa ko travay sou sa. Sa pou nou konnen, avan pou moun nan respekte règ jwèt la, nou pa kapab rantre nan koze sanksyon tousuit. Nou oblije travay avèk li, konsyantize li avan nou rive nan nivo sanksyon. Epitou Akademi Kreyòl Ayisyen, nenpòt desizyon ki dwe pran, se chita nou chita ansanm nan atelye oswa asanble jeneral pou nou diskite anvan nou pran yon desizyon. Fòk mwen di ou nou pa ko janm travay sou kesyon sanksyon nan Akademi an pou enstitisyon ki anpeche elèv oubyen etidyan pale kreyòl ki se lang li.
FKE : Kijan otorite nan pi wo nivo Leta yo soutni travay Akademi an ? Sètadi èske AKA gen yon bidjè ki pèmèt li fè travay li kòmsadwa ?
RFC : Pou travay Akademi Kreyòl Ayisyen an gen pou li fè, nou pa ko gen bidjè pou sa. Nou gen pwojè pou nou mete yon biwo Akademi an nan chak depatman, ak yon pakèt lòt pwojè Akademi an genyen, nou pa ko gen bidjè pou sa. Nou kapab di yo ban nou yon bidjè pou nou reyalize kèk travay, men se pa ko sa. Nou bezwen bidjè pou nou soti diksyonè, gramè, lòt rezolisyon. Nou genyen anpil pwojè ki nan kuizin men nou pa ko gen bidjè pou tout travay sa yo. Pou travay la rive fèt, Akademi an divize tèt li an komisyon. Imajine nou genyen 11 komisyon k ap travay epi k ap founi Sekretè Egzekitif la oswa sekretarya egzekitif la travay pou li reyalize.
Leta travay avèk nou. Nou genyen Ministè Edikasyon ki toujou travay avèk nou. Nou menm rive siyen yon pwotokòl akò, nou genyen Sekreteri Leta Alfabetizasyon ak plizyè lòt enstitisyon ki konn travay avèk nou. Lè yo bezwen nou yo vin chèche nou. Men nan nivo bidjè a, nou pa ko gen ase kòb pou nou fè travay pou avansman lang kreyòl la jan sa ta dwe ye.
FKE : Nou wè Akademi an mete têt ansanm ak Inivèsite Leta d Ayiti a pou yo òganize yon konkou pou etidyan k ap ekri memwa yo an kreyòl men ta sanble se sèl etidyan UEH yo ki konsène. Kisa ki ta esplike sa ?
RFC : Wi, ane sa a, Akademi Kreyòl Ayisyen lanse premye edisyon Konkou bous li an patenarya ak Inivèsite Leta d Ayiti Se sèlman etidyan Inivèsite Leta yo k ap kapab patisipe. Se yon kòmansman. Men nan lòt ane k ap vini yo, l ap etann li sou tout teritwa peyi a pandan l ap pase pran tout Inivèsite Piblik nan Rejyon jouk li ateri sou tout inivèsite prive yo san okenn distenksyon.
FKE : Apre mwa kreyòl la, nan ki lòt gran aktivite nou retwouve Akademi Kreyòl Ayisyen an ?
RFC : Akademi Kreyòl Ayisyen travay chak jou. Se pa sèlman nan mwa kreyòl la nou la. Apre selebrasyon mwa lang ak kilti kreyòl la, AKA ap dirije l nan reyalizasyon 4 aktivite sa yo:
a) Piblikasyon premye nimewo Revi Syantifik la:
b) Piblikasyon premye nimewo KAYE AKADEMI AN;
ch) Reyalizasyon Konkou chan sou Grafèm lang kreyòl la;
d) Reyalizasyon Konkou bous redaksyon memwa an kreyòl;
Akademi an toujou ap fè fòmasyon tou pou jèn, pou etidyan, pou enstitisyon ki mande nou vin fè fòmasyon pou yo, sitou fòmasyon pou yo konprann dezyèm rezolisyon an epi poze kesyon, fè pwopozisyon. Kidonk, Akademi an toujou ap travay chak jou. Se pa sèlman nan aktivite mwa oktòb avèk mwa fevriye nou parèt tèt nou. N ap travay chak jou pou avansman lang kreyòl la.
FKE : Pandan n ap pale de mwa kreyòl la, ki aktivite AKA òganize nan kad 28 oktòb ane sa a?
RFC : Chak ane, depi mwa oktòb rive, Akademi kreyòl Ayisyen pa janm rate okazyon pou li devlope epi kore tout kalite aktivite ki enskri nan dinamik kore devlòpman lang kreyòl la. Nan kad selebrasyon mwa Lang ak Kilti kreyòl pou ane 2025 la, Akademi kreyòl Ayisyen òganize anpil aktivite tankou :
1. Yon toune nan Gran Nò kote nou te reyalize kozri, konferans deba ak elèv nan plizyè lekòl Okap ak Wanament epi ak asosyasyon pwofesè ki nan Gran Nò a. Konferans deba nan lekòl dwa ki nan vil Okap la.
2. Yon jounen fòmasyon pou anplwaye AKA yo.
3. Kozri nan sant Pye Poudre sou tèm : Lang kreyòl zouti devlopman nan tout Repiblik la.
4. Aktivite AKA ak Direksyon Nasyonal Liv (DNL) pou òganize yon Jounen Liv Kreyòl anba tèm: «DNL ak AKA men nan men pou pwomosyon lang ak literati kreyòl».
Epi nou genyen anpil nouvo enstitisyon prive ki mande pou AKA vin fè konferans pou yo.
FKE : Kijan ensekirite a afekte travay AKA ?
RFC : Zòn kote AKA ye kounye a (zòn Bwa Vèna # 20), li antoure ak lekòl, gen fakilte ki toupre li tou. Bibliyotèk AKA fonksyonèl. Gen anpil elèv ak etidyan ki konn frekante li. Jounen jodi a nou pa wè yon moun menm. AKA te konn òganize kèk aktivite nan lokal li, anpil moun te konn vini, nou pa wè sa ankò. Pou nou te fè toune nan Gran Nò a nou te oblije pran avyon. Tout aktivite nou te konn òganize nan lokal la oubyen nan lòt depatman pa ka fèt ankò. Nou prèske tounen yon AKA Pòtoprens. Tout jan nou vire ensekirite a kanpe anfas nou. Li mete baton nan wou nou. Anplwaye oblije ap gade anwo ak anba anvan yo rive nan Akademi an. Anpil estrès.
FKE : Ki rapò ki egziste ant Akademi Kreyòl Ayisyen an avèk Fakilte Lengwistik Aplike nan Inivèsite Leta d Ayiti a ?
RFC : Anpil moun nan Fakilte Lengwistik Aplike te nan komite pou te tabli Akademi an. Kidonk nou travay ansanm deja. Anpil moun nan Fakilte Lengwistik Aplike travay pou Akademi an te kapab egziste, malgre se nan papye li te nan Konstitisyon an, se Rektè inivèsite Leta a ki te travay avèk tout ekip li pou prepare rankont epi te genyen plizyè pwofesè Fakilte Lengwistik Aplike ki te enplike nan pwosesis la. Nou menm genyen tou yon ansyen Dwayen Fakilte Lengwistik Aplike ki te Prezidan Akademi Kreyòl Ayisyen. Sa vle di Akademi Kreyòl Ayisyen abitye travay avèk Fakilte Lengwistik Aplike. Akademi Kreyòl Ayisyen pa dwe avanse san Fakilte Lengwistik Aplike. Nou gen travay pou nou fè ansanm. Sa ki rete pou fèt, se chita ansanm pou nou youn di men ki kote n ap travay, men kisa n ap fè pou nou mete tèt ansanm pou nou kapab fè lang kreyòl la jwenn vrè plas li nan sosyete a.
FKE : Si ou genyen yon dènye bagay ou ta renmen di, se kisa li ta ye ?
RFC : Sèl sa mwen ta di, Akademi Kreyòl Ayisyen se yon enstitisyon Leta men ki endepandan. Youn nan wòl Konstitisyon 1987 la ba li se travay pou kore devlopman lang kreyòl la. Se li menm ki la pou voye je sou lang kreyòl la, pou gade kijan li dwe vanse e kisa ki anpeche li vanse byen.

