Rezo Nasyonal Majistra Ayisyen yo denonse zak vyolans kidnapin ki fèt sou jij Verto Vertilus, jij titilè komin Lestè, jou lendi 13 me 2024 la. Rezo majistra a esplike se gang ame k ap opere nan zòn Lestè a ki fè zak kidnapin sa a sou jij Vertilus pandan li t ap rantre lakay li dèyè yon moto.
Depi lè a yo te san nouvèl de majistra a jiskaske y al dekouvri kadav li nan raje jou madi 14 me a.
Malerezman menm lapolis pa kapab ede paran jij la al rekipere kadav li nan raje a, daprè sa rezo a presize, sa ki t ap pèmèt yo ba li yon dènye omaj li merite. Majistra yo pa konnen kisa bandi yo ap fè ak kò jij Vertilus apre zak sa a.
Rezo Nasyonal Majistra Ayisyen yo montre li genyen anpil enkyetid pou sekirite jij yo ki pa sispann sibi move zak vyolans anba men bandi dènye jou sa yo.
Pandan l ap mande otorite ki responsab sekirite peyi a pran tout dispozisyon pou yo trennen moun ki patisipe nan zak lach sa a sou jij Vertilus la devan tribinal, li mande tout majistra yo rete vijilan epi li fè konnen l ap kontinye egzije sekirite nan men otorite yo pou tout moun san paspouki.
Anfen, Rezo Nasyonal Majistra Ayisyen yo di li espere move van sa a ap fini sou peyi a pou lajistis kapab sèl kòk chante.
