Premye Minis ayisyen an, Doktè Garry Conille, ki se tou Chèf Konsèy Siperyè Polis Nasyonal la (CSPN) prezide yon reyinyon travay enpòtan sou sekirite jodi samdi 22 jen 2024 la ak lòt gwo otorite ki enplike nan kesyon sekirite a.
Nan Premye reyinyon Konsèy Siperyè Polis Nasyonal sa a, te genyen Minis Jistis ak Sekirite Piblik la, Mèt Carlos Hercule, nouvo Direktè Jeneral Lapolis Nasyonal la, Mesye Rameau Normil, Enspektè Jeneral an Chèf Lapolis Nasyonal la, Mesye Fritz Saint Fort.
Sa ki t ap diskite nan reyinyon sa a sitou se mezi yo dwe pran pou fini ak fenomèn ensekirite a, banditis ak kriminalite ; retabli yon klima lapè ak estabilite ; estrateji pou yo reprann kontwòl tout teritwa nasyonal la pou pèmèt moun ak byen sikile libelibè, sitou nan rejyon metwopolitèn Pòtoprens la.
N ap souliye depi kèk ane, gang ame ap fè popilasyon an monte yon maswife nan simen dèy ak dezolasyon nan tout peyi a. Zak vyolans yo pa epanye menm fòs lòd yo ki souvan viktim anba men gang sa yo. Avèk nouvo gouvènman sa a epi yon nouvo Direktè Jeneral nan tèt Lapolis la, popilasyon an ap tann pou pawòl yo tounen aksyon pou pèmèt li rale yon souf anba bandi san fwa ni lwa sa yo.
