Reyinyon nan Naywobi avan Fòs Etranjè yo foule tè Papa Dessalines nan

Prezidan Kenya a, William Ruto, te patisipe lendi sa a nan yon rankont ki te fèt avan deplwaman premye kontenjan polis kenyan an sou tè Papa Dessalines nan, nan kad sa yo rele Misyon Sipò Sekirite Miltinasyonal la. Reyinyon sa a te fèt nan Embakasi, Naywobi, nan Kolèj Fòmasyon Lapolis Administratif.

Nan sikonstans sa a, William Ruto, nan yon mesaj li pibliye sou X, te fè lwanj kapasite Polis Kenya a nan retabli lapè. Li di : «Kenya gen kalifikasyon solid nan fè lapè ak rezolisyon konfli globalman».

Chèf Leta Kenya a kontinye pou li di prezans polisye li yo an Ayiti ap pote soulajman pou gason, fanm ak timoun ki viktim vyolans gang  yo.

Li fini pou li di li pral travay ak kominote entènasyonal la pou etabli estabilite dirab an Ayiti.

Plizyè medya entènasyonal anonse depa premye kontenjan polisye Kenya yo pou madi 25 jen an pou vini an Ayiti. Depi plizyè mwa misyon sa a ap fè dirijan Ayiti yo filalang, yo menm ki oblije leve tèt yo gade entènasyonal la devan enkapasite yo pou tabli lapè ak sekirite nan peyi a pou tout moun kapab mennen aktivite yo libelibè.

Description de l'image