Madam Dominique Dupuy ki se Minis Ayisyen k ap viv Aletranje yo, an menm tan Minis Afè Etranjè ak Kil, anonse sou kont X li, vandredi 4 oktòb 2024 la, li fè yon reyinyon ijan nan Ministè Ayisyen k ap Viv Aletranje yo (MHAVE) menm vandredi 4 oktòb la sou anons otorite dominiken yo fè konsènan depòtasyon an mas konpatriyòt ayisyen yo.
Moun ki te patisipe nan reyinyon sa a se Minis Georges Wilbert Franck, Minis Afè Sosyal ak Travay, Minis delege pou Solidarite ak pou Afè imanitè, Herwill Gaspard, Chaje d Afè nan Anbasad Ayiti nan Santo Domingo, Madam Christine Lamothe.
Objektif reyinyon an se te pou otorite ki t ap patisipe yo mete kanpe bon jan estrateji ak mwayen pou bay konpatriyòt ayisyen yo akonpayman ak pwoteksyon apre otorite dominikèn yo anonse anpil depòtasyon pral fèt, daprè sa Minis Dominique Dupuy fè konnen.

Minis Dupuy pwofite voye gwo chay remèsiman pou òganizasyon tankou Fondasyon Zile, GARRHaiti, IOMHaiti, ONM, Sèvis jezuit pou refijye, UNCHR Refugees, UNFPA, ansanm ak kad nan MHAVEHT ak MAE_Haiti, pou patisipasyon ak pou angajman yo.
Pou fini, Minis Dominique Dupuy souliye li enpòtan anpil pou migran ayisyen yo ka jwenn bon jan akèy nan diyite ak nan respè dwa fondamantal yo. Pandan li deklare y ap privilejye dyalòg ant 2 pèp yo nan onè ak respè, li fè konnen Gouvènman ayisyen an pran angajman pou li kanpe rèd nan egzije dwa migran yo respekte jan konvansyon entènasyonal ak akò binasyonal yo mande sa.

