Reyal Madrid sou wout pou soulve yon 22è twofe ewopeyen

Fyète Kreyòl Enfo
Kredi foto : Reyal Madrid

Reyal Madrid se ekip ki domine foutbòl ewopeyen an nan nivo klèb yo. Si ou baze sou palmarès li an Ewòp, li klè li se mèt foutbòl la sou kontinan sa a. Li deja ranpòte 21 tit kontinantal (2 lig Ewopa, 5 sipèkoup d Ewòp ak 14 ligdèchanpyon). Ekip ki vini apre li nan tablo palmarès la se Milan AC ak FC Baselòn ki genyen 14 tit yo chak epi Livèpoul ki genyen 13 tit.

Ane sa a yon lòt fwa ankò, se vannen Reyal Madrid vannen moun an Ewòp. Apre li te fin kraze poul C a nan ligdèchanpyon an ki te genyen Napoli, Braga ak Inyon Bèlen lè li fini 1e ak 18 pwen sou 18 posib, woulo konpresè Reyal la ta pral pase sou Layzig nan 8è de final.

Apre sa, li te dwe toke kòn li ak Mannchestè Siti nan ka de final. Anpil fanatik foutbòl te panse Reyal ta pral fè bèk atè devan ekip Pep Guardiola a ki se youn nan ekip ewopeyen ki pi anfòm nan moman an. Anplis li se chanpyon an tit. Men youn nan rezon tou ki fè yo te ba li favori, se paske pou li te rive chanpyon ane pase, li te pase Reyal Madrid yon bèl wonflad 4 a 0 pou li te al fè final. Ekip la woule bèl boul, li gen bon antrenè, donk li fè kè moun sote.

Men se pa Carlo Ancelotti ki ta pral vin tranble devan ekip an Ewòp. A 64 an, taktisyen sa a, mèt sa a, gentan wè plis pase sa deja. Ekip li bèl, li kwè nan jwè li yo, li gen respè pou Siti men li te pare pou livre konba a.

Se konsa, apre yon nil 3 a 3 nan Santiago Bernabeu lakay Madrilèn yo epi yon lòt nil 1 a 1 nan estad Etihad lakay Mannchestè Siti, Reyal ta pral mete do Sitizenn yo atè nan penalite (4 a 3). Se konsa Reyal Madrid te kalifye pou demi final kote li ta pral woule balon an fas Bayèn Minik ki se yon lòt gwo pwa lou sou sèn ewopeyen an.

Match ale a ki te jwe lakay Alman yo nan Allianz Arena a te fini 2 a 2, kidonk de ekip yo te kase randevou nan vil Madrid pou match retou a pou konnen nan yo de a kilès ki ta pral mete do lòt atè.

Nan match retou a, apre mesye Thomas Tuchel yo te fin louvri eskò a nan 68è minit, yo t ap file tou dousman pou y al kalifye pou final la. Se lè sa a Carlo Ancelotti ta pral mete tout konesans li, tout eksperyans li atè. Li ta pral fè yon seri chanjman epi se youn nan jwè li te monte yo (Joselu) ki ta pral make de gòl youn dèyè lòt (88′ ak 90+1′) pou pèmèt Reyal genyen match la 2 a 1 epi tou kalifye pou final la.

Final la ap fèt 1e jen 2024 nan estad Wembley an Angletè kote Reyal Madrid pral fas pou fas avèk yon lòt ekip alman, Borisya Dòtmonn ki li menm te savonnen Pari Sen Jèmen ni nan ale ni nan retou nan demi final.

Si ou gade palmarès 2 ekip yo, ou ta ka di se David ki pral goumen ak Golyat. Reyal Madrid, mèt ke ekip an Ewòp yo gen 14 ligdèchanpyon alòske Dòtmonn gen yon sèl ti grenn li te pran an 1997.

Reyal Madrid ap gonfle venn li, file zepon li pou ranpòte laviktwa nan final sa a pou li kapab genyen 15è ligdèchanpyon li ki t ap tou egal 22è tit ewopeyen li, pou li montre, si ta gen diskisyon sou sa toujou, nan foutbòl ewopeyen an se li ki kòmande.

Randevou 1e jen pou bèl fèt foutbòl sa a nan Wembley kote verite a pral sou tanbou.

Description de l'image