Reyal Madrid mòde yon zo lakay Bilbao : Domaj Mbappé te la

KF: Real Madrid C. F.

Nan kad chanpyona espanyòl foutbòl maskilen 2024 – 2025 la, Liga a, Reyal Madrid te an deplasman sou tèren Atletik Bilbao mèkredi 4 desanm 2024 sa a.

Li te enpòtan pou kay blanch la te fè yon bon rezilta pou li te kapab rapwoche li plis de rival li FC Baselòn ki okipe tèt klasman an. Malerezman, se pa sa ki rive. Mesye Carlo Ancelotti yo al tonbe sou yon zo ki pa fè yo byen menm. Yo retounen lakay yo ak 2 gòl a 1 nan kòsay yo, yon rezilta ki pa pèmèt dout yo leve sou move pas ekip kapital espanyòl la ap travèse.

Gen jwè ki fè tout sa yo te kapab pou kafe Reyal pa te koule ak ma, tankou Raúl Asencio ki te parèt mèyè jwè nan match la pou anpil obsevatè. Men tou vedèt Reyal te ka konte sou yo a pa te reponn. Si Kylian Mbappé, ki te parèt trè pal nan match la, sanble fè sa tounen yon pratik pou li rate penalite, Federico Valverde li menm ta pral komèt yon gwo erè lè li pèdi yon balon nan antre kare reparasyon an, sa ki ta pral antrene 2èm gòl Bilbao a alòske match la te 1 a 1. Men tou si Mbappé pa te rate penalite a nan 68èm minit alòske match la te 1 a 0, Reyal te kapab rache pwen match nil la omwens.

An gwo, premye mitan an te fini nil 0 a 0. Se nan dezyèm mitan an Atletik Bilbao ta pral louvri eskò a nan 53èm minit gras ak Álex Berenguer. Jude Bellingham ta pral egalize pou Reyal Madrid nan 80èm minit, kèk tan apre Mbappé te rate penalite a. Se nan fen match la Gorka Guruzeta ta pral make 2 a 1 pou Atletik Bilbao, sa ki te sinonim viktwa.

Ak defèt sa a, Reyal Madrid rete dezyèm nan chanpyona a avèk 33 pwen (yon match an mwens) dèyè FC Baselòn ki premye avèk 37 pwen. Atletik Bilbao li menm okipe katriyèm plas la avèk 29 pwen, dèyè Atletiko Madrid, twazyèm avèk 32 pwen men ki gen yon match an mwens tou.

Description de l'image