Reyal Madrid kraze Las Palmas pou li pran tèt klasman Liga a

©Real Madrid C. F.

Reyal Madrid wonfle Las Palmas 4 gòl a 1 dimanch 19 janvye 2025 la nan estad Santiago Bernabéu nan kad chanpyona foutbòl premye divizyon espanyòl la pou li tou pran premye plas klasman an, devan Atletiko Madrid ak FC Baselòn.

Apre defèt Atletiko Madrid 0 – 1 sou teren Leganès epi match nil 1 – 1 FC Baselòn sou tèren Jetafe yè samdi 18 janvye a, Reyal te gen posibilite retounen an fòs pou li chita nan fotèy lidè chanpyona a avèk yon viktwa lakay li, devan piblik li, kont Las Palmas.

Malerezman bagay yo pa te byen kòmanse pou Madrilèn yo Las Palmas te keyi tou vèt ak yon gòl depi nan premye minit match la, gras ak F. Silva. Men Mesye Carlo Ancelotti yo ta pral reyaji nan 18èm minit avèk egalizasyon K. Mbappé sou penalite.

Apre sa match la te tounen yon match nan yon sèl sans kote ekip Las Palmas la t ap sibi dominasyon Reyal. Se konsa B. Díaz ta pral bay ekip lokal la avantaj la nan 33èm minit, avan K. Mbappé te anfonse klou a pi fon lè li make double pèsonèl li 3 minit apre 36′).

Epi nan dezyèm mitan, se Rodrygo ki ta pral fè dènye kout tiwèl la nan 57èm minit pou mete eskò a 4 – 1 an favè Kay Blanch la.

Avèk viktwa sa a apre 20 jounen konpetisyon, Reyal Madrid genyen 46 pwen nan tèt klasman an, devan Atletiko Madrid (44 pwen) epi FC Baselòn (39 pwen).

Description de l'image