Respè ak lanmou pou lang kreyòl ayisyen an

Moun ki gwo save nan domèn lengwistik ki se syans ki etidye zafè lang, yo fè konprann pa gen lang ki bèl, pa gen lang ki lèd, pa gen lang ki siperyè lòt lang, tout lang se pase pran m, m a pase chache ou. Yo fè konprann tou tout lang jwe menm wòl, pa gen anyen yon lang kapab fè yon lòt lang pa kapab fè, epitou pa gen lang ki gen limit nan sa li kapab fè.

Nan sans mesyedam save k ap pale gwo pawòl lasyans sa yo esplike a, yon lang se yon zouti ki byen file pou fè tout travay moun ki pale li yo vle fè avèk li. Men si yon moun gen yon zouti nan men li epi li pa konnen si zouti a file, li ka tonbe nan mande prete zouti lòt moun epi meprize pwòp zouti pa li a. Li kapab tou menm fè tèt li mal ak pwòp zouti pa li a nan travay mal avèk li paske li pa konnen kapasite li.

Epoutan, vrè zouti pèp ayisyen an se lang kreyòl la. Se baton pa li pou li pare tout move so lavi a. Lang kreyòl la se yon zouti pèp ayisyen an ap itilize depi nan tan benmbo epi ki toujou fè prèv li. Si zotobre nan peyi a ta vle fè li meprize lang kreyòl la, petèt se pou yo kapab toujou mete pye sou kou li pou li pa janm libere. Se zouti sa a zansèt nou yo te itilize pou kominike pou yo te kapab kase chenn eskavaj. Se zouti sa a Ayisyen toujou itilize nan tout mouvman revandikasyon tout kote nan peyi a. Se lang kreyòl la Ayisyen itilize pou esprime tout sa k ap soti nan zantray li. Nan rara, nan kanaval, eks. se lang kreyòl k ap taye banda paske aktivite sa yo marande ak zantray pèp la.

Yon politisyen, menm si li pa ta fin nòmal, li pa t ap janm lanse yon eslogan nan yon manifestasyon pou se pa an kreyòl. Menm si lè li fin pran pouvwa a, li ta kapab pa kontinye pale menm lang ak popilasyon an. Konsa tou, yon djaz ki ta lanse yon chante kanaval nan yon lang ki pa kreyòl ta ka gen pwoblèm pou li ta jwenn anpil moun mache dèyè li.

Lang kreyòl, se zouti konba pèp ayisyen an. Se lang ki pèmèt ayisyen esprime tout rèv li, tout anvi li, tout traka li, tout lajwa li lè li resi genyen. Tout nanm Ayisyen, tout sa li ye, tout sa li swete, se nan lang kreyòl li fè li pase. Ayisyen pa kapab genyen yon lòt zouti ki efikas tankou lang kreyòl la pou li toke kòn ak lavi a. Se nòmal pou Ayisyen renmen lang kreyòl la. Yon Ayisyen ki renmen lang kreyòl la, se yon Ayisyen ki renmen tèt li.

Chapo ba pou kouraj pèp ayisyen an ! Chapo ba pou lang kreyòl ayisyen an !

Description de l'image