Rankont travay ant Lapolis ak UNICEF sou sitiyasyon timoun yo nan ensekirite a

Yon rankont travay te dewoule ant Fon Nasyonzini pou Timoun (UNICEF) ki gen syèj li nan Nouyòk avèk Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) mèkredi 5 novanm 2025 la nan objektif pou gade sitiyasyon timoun yo nan kontèks ensekirite a, epi pou ranfòse patenarya pou pwoteje timoun sa yo.

UNICEF montre li gen gwo têt chaje pou jan sis vyolasyon grav kont timoun yo ap vale tèren san rete, tankou gang k ap anwole yo, y ap touye yo, y ap filange yo, y ap kidnape yo, y ap fè vyolans seksyèl sou yo.

Men kanmenm, UNICEF wete chapo devan travay Brigad Pwoteksyon Minè PNH la pandan li montre li kontan pou pwotokòl «Hand over» Leta ayisyen ak Nasyonzini te adopte an 2024 ki vize retire timoun yo anba grif gang yo pou reyentegre yo nan sosyete a.

Bò kote pa li, PNH la te souliye pwoteksyon timoun yo se responsabilite fondamental Leta ayisyen. Li te fè remake sant akèy pou minè yo p ap fonksyone oswa yo disparèt nan depatman Lwès la jodi a, epi li te montre gen lòt menas ankò sou tèt timoun yo, tankou trafik ògàn.

Rankont sa a te pèmèt UNICEF ak PNH idantifye sou ki pwen yo kapab kolabore tout bon, tankou ranfòsman kapasite PNH la epi devlopman kanpay kominikasyon ant de pati yo pou fè prevansyon pou yo kapab ale ede timoun ki anba enfliyans gang yo.

Description de l'image
Kite yon kòmantè