Rankont sou konferans nasyonal ak nouvo konstitisyon

Madi 25 jen 2024 la, Konsèy Tranzisyon an rankontre ansyen depite Jerry Tardieu ak pwofesè Louis Naud Pierre pou lanse travay sou wout konferans nasyonal la ak kesyon konstitisyon an.

Pwen yo te diskite nan rankont sa a se :

Premyèman, konsiltasyon sou fason pou yo mete komite pilotaj la kanpe. Se komite pilotaj la k ap gen responsabilite sipèvize tout pwosesis refòm konstitisyon an, pandan l ap pèmèt pa gen fòs kote nan reprezantasyon tout pati yo.

Dezyèmman, etap pou ki ta debouche sou yon lòt konstitisyon. Nan kad sa a yo te diskite sou tout faz ki nesesè, depi nan ranfòse travay ki fèt deja yo, pase nan atelye travay ak deba nasyonal rive nan konsiltasyon popilasyon an apre yo ta fin ekri yon nouvo konstitisyon

Twazyèmman, konferans nasyonal k ap genyen pou ranmase diferan opinyon ak pwopozisyon diferan sektè nan lavi nasyonal la sou yon nouvo pwojè sosyete kote nouvo konstitisyon an ap reflete tout aspirasyon pèp ayisyen an.

Reyinyon sa a Konseye Smith Augustin te dirije se yon bon pa pou relanse dosye refòm konstitisyon an ak konferans nasyonal la ki se yon pwojè nasyonal ki pa vle mete pèsonn deyò epi ki vle pote repons pou bezwen ak rèv pèp ayisyen an.

Description de l'image