Se jodi vandredi 21 jen an yo t ap enstale Rameau Normil nan tèt Lapolis Nasyonal d Ayiti a kòm Direktè Jeneral a.i. ki vin ranplase Frantz Elbé.
Nan okazyon sa a, plizyè gwo pèsonalite te prezan tankou Edgard Leblanc Fils ki se Prezidan Konsèy Tranzisyon an, Doktè Garry Conille ki se Premye Minis, Mèt Carlos Hercule ki se Minis Jistis ak Sekirite Nasyonal, Manm Kò Diplomatik ak Konsilè yo.
Premye Minis Garry Conille ki te pran lapawòl nan sikonstans la kòm Chèf Konsèy Siperyè Polis Nasyonal la (CSPN), li te salye nominasyon Rameau Normil nan tèt PNH la, an menm tan li mande nouvo Direktè a fè sa li gen pou fè a pou pèmèt popilasyon ayisyèn nan jwenn yon lòt espwa.
Minis Jistis la li menm pa gen dout Mesye Normil pral mete tout konpetans li ak tout sans lidèchip li deyò pou kapital la ak vil pwovens yo kapab bay yon lòt imaj nan sa ki konsène sekirite.
Bò kote pa li, Prezidan Konsèy Tranzisyon an pwomèt Direktè Jeneral la Konsèy Tranzisyon an ansanm ak gouvènman Premye Minis Garry Conille ap dirije a ap kanpe bò kote li nan konba kont gang ame yo pou pèmèt sitwayen yo kapab al okipe tre yo san kè sote.

«Ban m profite pou m di jan peyi a ye la a, nou bezwen yon PNH ki tou prè popilasyon an ; Yon PNH ki ka penetre kominote yo, ki ka rive nan zòn abandone yo, pandan nèg ak zam yo rive pi rapidman nan zòn sa yo ; Se pou n ka sere pi fò lyen avèk popilasyon an, Nou rekòmande yon vrè polis kominotè paske jèn yo bezwen yon rapwochman avèk Lapolis. Nan sans sa a, se yon mwayen pou redui kriminalite, avèk yon kontak pèmanan. Se yon mwayen pou respekte epi fè respekte règleman ak lalwa.»
Nouvo Direktè Jeneral Lapolis Nasyonal d Ayiti a li menm deklare li pral fè san sot nan wòch pou li kraze tout baz gang yo.
