Rameau Normil òdone pou PNH la kanpe sou brenzeng li pou sizoka pa ka

Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) fè konnen, apre nòt Ministè Jistis ak Sekirite Piblik ki di atansyon ak menas gang ame yo, epi lè li gade atik 23, alineya 1.1 ak 1.2 ki trase liy sou wòl Direktè Jeneral Lapolis la, Kòmandan an Chèf pou yon ti bout tan PNH la, Mesye Rameau Normil bay Direktè Santral yo, Direktè Depatmantal yo, Kòmandan Inite Espesyalize yo, ansanm ak Responsab Komisarya ak Soukomisarya yo lòd fòmèl pou yo kenbe twoup yo sou brenzeng yo, an zing de kontraryete ak galon siwo yo nan men yo pou yo mete siwo nan mwenn akasan gang ame yo ta parèt avèk li pou fòse popilasyon an bwè tou cho, san sikre.

Yon lòt bò, Lapolis fè konnen gen yon gwo reyinyon estratejik ki fèt nan aswè samdi 1e fevriye 2025 la nan Direksyon Jeneral Lapolis la, nan Klèsin, nan Taba.

Li fè konnen PNH la te deja ranfòse dispozitif sekirite nan plizyè wout pou li kapab kontinye pwoteje lavi ak byen sitwayen pezib yo.

N ap souliye nan yon nòt li voye bay Direktè Jeneral Lapolis la, Mesye Rameau Normil nan dat 1e fevriye 2025, Minis Jistis ak Sekirite Piblik la, Met Patrick Pélissier, òdone Direktè Jeneral la pou mobilize tout inite Lapolis yo, itilize tout resous yo epi pran tout mezi nesesè pou kontrekare zak ensekirite yo nan tout peyi a, sitou nan kapital la, pou pwoteje popilasyon an, garanti pwoteksyon lavi ak byen. Li mande li pou li fè sa depi li resevwa nòt sa a jiska nouvèl lòd.

Pou jistifye demach sa a, Minis Jistis ak Sekirite Piblik la mansyone ijans konsènan enfòmasyon k ap vin jwenn li san rete ki fè konnen gen gwo menas sou sekirite piblik ki kapab mennen nan destabilizasyon lavi nasyonal la.

Apre sa, pèsonn p ap kapab vin mande kijan nou te fè konnen sa ap rive epi nou kite l rive.

Description de l'image