Rameau Normil nome Direktè Jeneral a.i. Lapolis Nasyonal d Ayiti ofisyèlman

Jan pawòl la t ap sikile depi kèk jou, se ofisyèl, Rameau Normil nome ofisyèlman Direktè Jeneral a.i. Lapolis Nasyonal d Ayiti daprè yon arete ki pibliye nan yon nimewo espesyal Le Moniteur ki se jounal ofisyèl Repiblik d Ayiti mèkredi 19 jen 2024 la.

Rameau Normil te deja okipe fonksyon sa a pandan yon ti tan sou prezidans Jovenel Moise. Li retounen nan tèt Lapolis la nan yon moman trè kritik kote gang ak zam vle se yo ki pou  kontwole peyi a epi se lalwa yo ki pou aplike.

Nouvo Direktè Jeneral a.i. a ki vin ranplase Frantz Elbé ki te trè kritike nan tèt Lapolis la gen anpil travay pou li fè pou pèmèt lapè retounen nan peyi a pou sitwayen yo ak sitwayèn yo kapab mache nan tout libète pou al regle zafè yo.

Nan menm okazyon an tou, Konsèy Tranzisyon an pran yon lòt arete pou nonmen sitwayen Emmanuel Pierre Direktè Jeneral Ofis Pwoteksyon Sivil.

Description de l'image