Pwosè ansyen Prezidan Donald Trump nan Nouyòk prèske bout

Kredi foto: MARY SCHWALM/AFP

Depi 15 avril 2024 la, ansyen Prezidan ameriken Donald J. Trump ap jije devan tribinal penal nan distri Mannatann nan Nouyòk. Apre yon mwa odyans 4 jou pa semèn, pwosè a ta sanble pa lwen rive nan bout li.

Lajistis nan Nouyòk akize Mesye Trump kòmkwa li ta fè zewo tounen nèf nan dokiman kontab antrepriz li pou li te kapab ranbouse ansyen avoka li, Michael Cohen, ki te peye yon ansyen aktris fim pou granmoun, Stormy Daniels, li menm ki ta fè konprann li te gen yon relasyon fanm ak gason ak Mesye Trump nan lane 2006.

Michael Cohen te peye Madam Daniels 130.000 dola pou li pa te mete koze a deyò kèk tan avan eleksyon 2016 yo pou sa pa te nui kanpay Mesye Trump.

Pandan tout dewoulman pwosè a, pwokirè yo ap eseye montre Mesye Trump te vyole lwa sou finansman elektoral nan itilize mòd pèman sa a pou kouvri yon lòt krim, lè yo te kache enfòmasyon ki te kapab deranje kanpay Mesye Trump la pou elektè ameriken yo.

Anpil temwen defile nan tribinal la depi kòmansman pwosè a pou yo di sa yo konnen de zafè pèman sa a pwokirè yo ap eseye lye ansyen Prezidan Trump avèk li a. Pami temwen sa yo, genyen se ansyen anplwaye Mesye Trump nan Trump Organization, gen lòt se ansyen èd li nan Mezon Blanch lè li te Prezidan. Men Temwen tout moun t ap tann yo se Stormy Daniels li menm ki te temwanye semèn dènye ak Michael Cohen k ap temwanye semèn sa a. Pwokirè yo fin kesyone Mesye Cohen. Se tou pa defans la ki deja kòmanse.

Pou Mesye Cohen, ansyen avoka Mesye Trump ki vin leve kont li, ansyen Prezidan an ta gen responsabilite dirèk nan sa yo akize li yo.

Mesye Trump ki se kandida pati Repibliken an pou eleksyon prezidandyèl 2024 yo fè konprann li ta inosan, se yon pwosè ki pa kanpe sou anyen. Li di se opozan politik li yo nan pati demokrat la k ap pèsekite li epi ki fè li pa ka fè kanpay kòmsadwa paske li oblije chita nan tribinal la 4 jou pa semèn, soti 9 è AM rive 4 è PM.

An reyalite, se petèt premye fwa Mesye Trump pa vrèman mèt sitiyasyon an. Li pa al chita nan tribinal la ak pwòp volonte li. Jij la ki te entèdi Mesye Trump pou li kritike manm jiri a ak temwen yo, te menm ba li yon amann 10.000 dola paske li jwenn ansyen Prezidan an te vyole lòd li a dis fwa (1000 dola pou chak fwa). Apre sa li menase pou li ta mete li nan prizon pou yon ti bout tan si li ta kontinye ap dezobeyi lòd la.

Pwosè a ap dewoule devan yon jiri 12 sitwayen k ap gen pou delibere lè yo fin tande tout temwanyaj yo. Fòk se tout 12 la ki ta dakò Mesye Trump koupab pou li ta kondane. Si yo ta deside nan sans sa a, jij Juan Merchan k ap dirije pwosè a ta dwe pwononse pèn nan.

Se premye fwa yon ansyen Prezidan ameriken, ki anplis se kandida pou pòs Prezidan twouve li devan tribinal penal. Anplis pwosè Nouyòk la, Mesye Trump akize nan twa lòt afè penal. Men pwosè sa yo p ap gentan fèt avan eleksyon novanm 2024 yo.

Description de l'image