Pwosè ansyen Prezidan ameriken Donald Trump la resi prèske fini

Kredi foto: MARY SCHWALM/AFP

Apre anviwon yon mwa edmi pwosè nan Mannatann nan Nouyòk, se madi 28 me a pledwari yo pral kòmanse nan tribinal la. Sou baz sa ki di nan tribinal la pandan pwosè a, chak pati pral eseye konvenk jiri 12 manm nan se li ki gen rezon.

Pandan tout tan pwosè a t ap dewoule a, anpil temwen defile devan tribinal la pou di sa yo konnen sou sa yo akize ansyen Prezidan an. Pami temwen sa yo te genyen 2 veritab mèt afè a, Michael Cohen ki se ansyen avoka Mesye Trump ki vin vire kont li, ak Stormy Daniels, ansyen aktris fim pou granmoun ki te resevwa yon pèman 130.000 dola avan eleksyon 2016 yo pou li pa te pale sou yon posib relasyon fanm ak gason li di li te genyen ak Mesye Trump nan lane 2006.

Lajistis nan Nouyòk akize Mesye Trump kòmsi li ta fè zewo tounen nèf nan dokiman kontab antrepriz li pou ranbouse Michael Cohen lajan sa a li te peye Stormy Daniels la pou li te zipe bouch li sou pawòl relasyon fanm ak gason an, pou sa pa te fè eskandal kèk jou avan eleksyon prezidansyèl 2016 yo. Akizasyon an wè nan sa yon fwod elektoral nan itilize mòd pèman sa a pou kouvri yon lòt krim, lè yo te kache enfòmasyon ki te kapab deranje kanpay Mesye Trump la pou elektè ameriken yo.

Se premye fwa sa fèt nan listwa pou yon ansyen Prezidan ameriken, ki se kandida yon gran pati pou reeleksyon anplis, ap jije devan tribinal penal.

Ansyen Prezidan Trump li menm toujou di li pa te fè anyen ki mal, se opozan politik li yo k ap pèsekite li pou li pa retounen nan Mezon Blanch.

Apre pledwari yo, jiri a gen pou li fè deliberasyon pou deside si Mesye Trump koupab osinon si li inosan. Tout moun ap tann sa ki pral pase, etandone estati pèsonaj k ap jije a.

Description de l'image