Se yon kout ponya. Se te yon kout fizi. Nouvèl dechire kè a poste sou paj facebook li, Pwofesè Sorel Jasmin kite nou. Kisa pou nou di? Kisa pou nou fè?
Pwofesè Sorel Jasmin t ap anseye syans sosyal nan lekòl Externat la Providence nan avni Poupla an mas 2023 lè yon bal mawon pete vit lekòl la epi vide li atè de pye long devan elèv li yo li pa t ap janm gen chans rewè ankò.
Depi lè sa a, Pwofesè Sorel Jasmin atè ap goumen pou lavi li te si renmen. Pou kalite travayè òdpòt li te ye a, pou kalite konbatan li te ye a, nou te kapab imajine li t ap fini ranpòte laviktwa epi rekòmanse aktivite li. Domaj!
Apre premye swen li te resevwa an Ayiti, li te vwayaje ale Kiba dèyè swen ka li te merite. Pandan li te lòtbò a, nou te ka wè madanm li ki te toujou bò kote li ki t ap mande sipò Leta pou li te kapab kontinye resevwa swen ki te nesesè yo.
Malerezman, Pwofesè Sorel Jasmin ale kite madanm li ak 4 pitit. Li pèdi lavi li pandan li t ap travay pou fòme lòt jenerasyon yo di ki se avni peyi a.
Pwofesè Sorel Jasmin se te yon ansyen etidyan Fakilte Lengwistik Aplike nan Inivèsitè d Eta d Ayiti. Se te yon moun ki te gen yon jantiyès, yon sajès, yon imilite ou pa jwenn souvan dènye tan sa yo. Anplis Lengwistik, lè ou gade sou paj facebook li, ou wè li te genyen plizyè flèch nan sakòch li.
Li te pwofesè nan MENFP (pwofesè Leta), Sekretè Jeneral nan kolèj Ruben Marc, pwofesè nan Concern world wide, direktè pedagojik nan kolèj miks Gamaliel. Li etidye nan Cornerstone Christian University, Fakilte Lengwistik Aplike, li etidye syans jiridik nan Fakilte Dwa nan Inivèsitè d Eta d Ayiti, li etidye nan Teachers without borders, ak nan CFEF nan Pòtoprens.
Se potorik gason sa a yon bal mawon rache nan afeksyon fanmi li ak zanmi li devan elèv li yo, sèlman paske jou 8 mas 2023 sa a, malgre bal ki t ap tire, an bon sòlda, li te twouve li pa te kapab rete lakay li, li te oblije al bay elèv li yo pen lenstriksyon.
Devan lapèn sa a, Fyète Kreyòl Enfo koube li byen ba pou salye depa Pwofesè Sorel Jasmin epi li prezante senpati li bay tout fanmi, zanmi, kòlèg, pwofesè, elèv, ki nan tristès, espesyalman madanm li ak 4 pitit li yo.
Sektè edikasyon an pèdi yon gwo sòlda ki tonbe ak zam li nan men li.
Pwofesè Sorel Jasmin, Fyète Kreyòl Enfo fyè de ou!
