Pwofesè Renauld Govain : Kreyòl la merite plis pase manifestasyon sosyokiltirèl

Pwofesè Renauld Govain

Nan okazyon selebrasyon Jounen Entènasyonal Lang ak Kilti Kreyòl jounen 28 oktòb 2024 la, Fyète Kreyòl Enfo kontan pote bay lektè li yo dezyèm pati entèvyou nou te reyalize avèk Doktè Renauld Govain, aktyèl Dwayen Fakilte Lengwistik Aplike nan Inivèsite Leta a. Pawòl la te pale, pawòl la ap kontinye pale. Se atò koze mande chèz. Se atò koze a gen nannan. Fyète Kreyòl Enfo envite nou pran ti chèz ba nou yon lòt fwa pou nou ranmase dènye rès koze a !

Fyète Kreyòl Enfo : Pwofesè Renauld Govain, daprè ou menm èske entwodiksyon kreyòl nan lekòl ede amelyore sistèm edikatif ayisyen an osinon li fè li fè bak ?

Renauld Govain : Mwen pa genyen done nan men m pou m di ni li fè l fè bak ni amelyore li. Men m ta gen plis tandans reponn li pa amelyore li men mwen pa kapab di tou si li fè l fè bak. Poukisa mwen kapab di li pa fòseman amelyore li ? Se paske mete kreyòl nan lekòl kòm lang ansèyman se youn, men mete kreyòl la nan kondisyon pou li ranpli wòl sa a se de. Pa bliye mwen te pale nou de didaktizasyon talè a (NR: Premye pati entèvyou a). Mwen Sonje nan kòmansman ane 80 yo, yo te mete kreyòl lekòl pou fè timoun aprann kreyòl. Men pa te gen anpil liv pou te fè timoun aprann. Te gen yon liv ki te trè popilè nan epòk sa a. Yo te rele li «Pòl ak Anita». Se liv sa a ou te jwenn tout kote nan peyi a. Se jis apre ou pral jwenn kèk lòt liv Edisyon Deschamps ak FIC pral fè, tankou «M ap li ak kè kontan» mwen kwè ki gen 5 ou 6 nimewo ladan li ki sèvi soti 1e ane rive 6èm ane (Preparatwa 1 rive Mwayen 2). Apre sa ou pa gen lòt zouti ankò pou travay. Kidonk yo mete kreyòl la lekòl se vre men yo pa ba li zouti pou li travay. Se kounye a, jan nou t ap pale sou sa a talè a (NR: Premye pati entèvyou a) UNESCO ap travay avèk Ministè Edikasyon Nasyonal pou devlope yon didaktik kreyòl lang premye, kreyòl lang matènèl. Se youn nan pa ki pral pèmèt nou avanse vè didaktizasyon kreyòl la.

An nou pran nouvo segondè a kounye a. Nouvo segondè a byen paske se youn nan ra fwa yo trete kreyòl an kreyòl. Pou nivo primè, nivo fondamental an jeneral, n ap wè pwogram Ministè Edikasyon Nasyonal yo se an fransè yo ekri. Men pou nouvo segondè a, tout sa ki konsène kreyòl ekri an kreyòl. Men gen yon pwoblèm, paske manyèl yo fè pou anseye yo, se sa m ta kapab rele yon seri nanm ki gen bon volonte ki wè gen yon mank epi yo ofri yon bagay pou konble vid la. Demann nan la men òf la pa prezan ditou. Kounye a moun yo pran detwa fèy papye, detwa foto, detwa tèks, yo jis kole yo ansanm, yo brikole kèk eleman. Pafwa ou gen enpresyon olye yo fè yon liv pou S2 (klas segonn lè mwen menm mwen te lekòl), anpil fwa se moun ki fè lengwistik ki fè liv sa yo, yo pran detwa eleman yo mete yo ansanm, tankou si w ap gade yo mete detwa eleman lengwistik, y ap fè dekoupaj sentaksik nan fraz yo, denoupaj an konstitiyan, se bagay pafwa menm moun ki ekri yo nan liv la pa menm rive konprann. Se menm bagay la pou liv premye ane w ap gade y ap pale de fonèm ladan yo. Fonèm se yon reyalite ki tèlman konplèks, menm nan premye ane inivèsite, ou gen difikilte pou ou fè yon etidyan byen konprann kisa fonèm nan ye. Epoutan nan liv timoun y ap di ou fonèm tèl bagay. Sa montre kreyòl la antre nan lekòl kòm lang ansèyman se vre men nou pa mete li nan sitiyasyon pou nou fè li jwe wòl la vre.

Entwodiksyon kreyòl nan lekòl, se koulèv la nou pran nou voye l lekòl. Nou pran koulèv la nou voye l lekòl san nou pa menm konnen si l ka chita. Nou voye koulèv la lekòl men li pa gen kote pou l chita, pa gen moun ki pou fè l chita. Menm nan klas la koulèv la pa antre paske nou pa montre li wout la. Se sa ki reyalite kreyòl la. Kounye a, èske m ka di li fè lekòl fè bak ? Mwen pa gen zouti nan men m pou sa. Men mwen kapab di jan l ye a, li pa pèmèt li avanse. Men gen yon bagay ki fondamental. Se pa kreyòl la ki pa pèmèt lekòl la avanse. Se mete yo pa mete kreyòl la nan kondisyon pou li pèmèt sistèm nan avanse. Mwen vle klè sou sa pou pèsonn pa fè sa m di a di sa l pa vle di. Tout moun ki reflechi nan domèn syans konyitif, nan domèn syans edikasyon, nan domèn syans lengwistik aplike, nan domèn pedagoji, eks, yo konnen li bon pou nou aprann moun nan lang yo konnen deja. Apre yo va pase nan lang segonn, lang etranje, si gen lang etranje epi si kondisyon yo etabli pou sa. Sa ka rive yon timoun tonbe nan yon peyi li pa pale lang nan, fòk li al lekòl, li pral adapte li. Men nan peyi timoun nan, li fondamental pou yo anseye timoun nan, alfabetize li, literasye li nan lang li konnen plis la, apre sa li va pase nan lòt lang. An Ayiti lang nou konnen plis la se kreyòl li ye. Ebyen se nan lang sa a pou nou degwosi timoun yo, literasye yo, alfabetize yo. Lè nou fin alfabetize yo nèt nèt, lè sa a nou kapab fè tranzisyon nan lòt lang. Antouka sa a se yon bagay nou dakò sou li deja, Ministè Edikasyon Nasyonal deja panche sou sa depi nan ane 70 yo pou yo anseye timoun yo an kreyòl, nou p ap kapab remete li an kesyon, nou pa kapab tounen dèyè. Men nou mete kreyòl la lekòl san nou pa ba li mwayen pou li kapab jwe wòl lang ansèyman li san pwoblèm.

FKE : Kijan Fakilte Lengwistik Aplike enplike li nan poze pwoblèm politik lengwistik nan peyi a, espesyalman nan sistèm edikatif la ?

RG : Fakikte Lengwistik Aplike se yon fakilte ki kreye nan yon peryòd kote deba sou kesyon lang kreyòl nan lekòl t ap devlope. Fakikte Lengwistik Aplike kreye an 1978 epi refòm edikatif la lanse an 1979. Refleksyon sou òtograf kreyòl la ki mennen nan grafi nou genyen kounye a lanse nan ane 70 yo. Fakikte Lengwistik Aplike fonde an 1978 men lide a te kòmanse an 1975 lè defen Dwayen Pierre Vernet te rantre an Ayiti kote li te gen yon kontra 3 zan pou li te monte yon enstiti ki t ap travay sou kreyòl epi ki t ap bay kout men nan kesyon alfabetizasyon ak nan kesyon refòm edikatif. Mwen fè istwa sa a pou mwen kapab esplike Fakikte Lengwistik Aplike genyen kòd lonbrik li mare avèk kesyon amenajman lengwistik, avèk kesyon politik lengwistik. Nan tèm refleksyon, se yon Fakilte ki pwodui divès kalite tèks. Mwen kapab site pa egzanp an 2006 te gen yon gwoup ki te rele CRENEL (Centre de recherches Normes, Échanges et langages) ki te òganize yon kòlòk an Ayiti sou wòl lengwistik nan lasyans an jeneral, epi an 2008, Fakikte Lengwistik Aplike te ògznize yon kòlòk entènasyonal sou politik lengwistik an Ayiti ak nan Karayib la. Fakikte a toujou pwodui refleksyon sou kesyon sa a. Mwen menm pa egzanp, mwen genyen piblikasyon sou kesyon sa a, pami lòt. Gen plizyè kòlèg nan Fakikte a ki gen piblikasyon sou sa tou epi gen memwa ki fèt sou sa.

Malerezman an Ayiti, menm si mwen wè tandans la yon ti jan vle chanje, enstitisyon Leta yo an jeneral, yo pa toujou rekonèt ekspètiz yon enstitisyon nasyonal devlope pou li mete nan sèvis peyi a, nan sèvis Leta. Men nan dènye ane sa yo Ministè Edikasyon Nasyonal, menm si se pa ko fin sa nèt, li kòmanse ale wè Fakikte Lengwistik Aplike, ale wè Akademi Kreyòl Ayisyen, ale wè Lekòl Nòmal Siperyè, pou yo kapab ba li avi sou yon seri eksperyans. Mwen espere sa kontinye. Epi lè sa a, enstitisyon inivèsitè nou yo, pa sèlman Fakikte Lengwistik Aplike, yo va kapab jwe wòl yo tout bon nan sosyete a epi yo va jistifye lajan trezò piblik ba yo pou yo fonksyone a.

FKE : Kisa Jounen Entènasyonal Lang ak Kilti Kreyòl 28 oktòb la reprezante pou peyi d Ayiti ?

RG : Jounen Entènasyonal Lang Kreyòl la ki date depi 1983, se yon jounen rekonesans li ye pou tout pèp, tout kominote kote yo pale kreyòl yo an jeneral. Sa raple jan kreyòl la fèt, jan li rive pran plas li bò kote fransè ak plizyè lòt lang. Lè m di fransè se paske nou nan kreyòl ayisyen men nou dwe sonje gen divès lòt kreyòl, tankou sa ki pran plas bò kote anglè (kreyòl jamayiken, kreyòl babadyen, kreyòl giyana, eks.), tankou kreyòl ki viv bò kote espanyòl menm si yo pa anpil (chabacano nan Filipin, palanquero nan Kolonbi), epi gen lòt kreyòl ki soti nan pòtigè tankou kreyòl kapvèdyen, kreyòl Gine Bisawo). 28 oktòb la se yon moman selebrasyon pou raple diferan wout kreyòl yo fè pou rive kote yo ye a, diferan batay yo mennen. Jounen selebresyon lang kreyòl la pa sèlman raple mwen lang kreyòl la jan nou pratike li, men li raple m tout yon seri evènman nan domèn etni, nan domèn antwopoloji, nan domèn etnoloji ki tounen otou kreyòl la. Kreyòl la se yon fenomèn konplèks li ye. Kreyolizasyon li menm se yon fenomèn trè konplèks. Lang nan se youn nan ekspresyon kreyolizasyon an men se pa sèl li ki genyen. Selebrasyon Jounen Entènasyonal Lang Kreyòl la sèvi tou pou fè nou konprann nou marye avèk kèk lòt pèp ki pataje menm desten lengwistik ak nou paske nou genyen apeprè menm eksperyans. Kit an Gwadloup, Matinik, Giyàn, Ayiti, Ladominik, Sent-Lisi, eks., pou m pran sa yo sèlman, nou genyen kreyòl paske te genyen kolonizasyon e paske kolonizasyon sa a te gen yon fason li te òganize, se konsa kreyòl la vin fèt. Kidonk Jounen Entènasyonal Lang Kreyòl la se tout sa pou mwen. Li pèmèt nou selebre lang yo, an menm tan li pèmèt nou selebre yon pakèt lòt reyalite ki antoure lang nan, epi li pèmèt nou raple nou se pa sèl nou menm ki pale kreyòl, se pa sèl nou menm ki gen istwa ki lye ak kolonizasyon ki vin ban nou kreyòl la men gen lòt pèp ki tou pre nou la a mwen sot site detwa ladan yo, men genyen tou ki pi lwen nan Oseyan Endyen tankou Sechèl, Lareyinyon, Zile Moris, eks.

FKE : Nan kontèks difisil peyi a ap travèse la a, kijan Fakilte a make selebrasyon an ane sa a ?

RG : Ane sa a nou gen 2 seri manifestasyon. Nou pa genyen manifestasyon an prezansyèl. Nou te genyen yon premye konferans nou te ògznize vandredi 18 oktòb la avèk yon gran kreyolis ki se Pwofesè Salikoko Mufwene, Inivèsite Chikago, epi nou te genyen yon jounen etid ki fèt vandredi 25 oktòb la, se te toujou an liy, kote nou te genyen yon douzèn prezantasyon ki te fèt sou divès sijè men tèm santral la se te : Lang kreyòl avèk idantite. Se prensipal aktivite sa yo nou te fè. Sa gen 3 lane nou pa òganize manifestasyon an prezansyèl paske sitiyasyon peyi a jan li ye a pa pèmèt sa. Ane sa a, depi 9 mas la, genyen yon gwoup moun ki rantre nan Fakikte Lengwistik Aplike ki okipe li. Se moun ki te deplase nan zòn metwopolitèn nan, espesyalman Kafoufèy. Yo okipe fakilte a, nou pa gen kote pou nou travay, pou nou fè aktivite.

FKE : Nou konnen ou pwodui anpil an kreyòl. Èske ou pa genyen kèk piblikasyon ou ta renmen pale de yo pou pèmèt piblik la plis konnen yo ?

RG : Mwen ta mansyone 2 piblikasyon. Youn se yon piblikasyon Mwen fè nan yon revi ki rele kontèks didaktik nan Inivèsitè Lèzantiy sou kesyon konsèp yo kote mwen montre nou pa kapab chita pran plezi ap repete kreyòl pa ka fè lasyans paske kreyòl pa gen konsèp. Mwen te fè yon dezyèm atik ki se yon atik ki parèt nan premye nimewo Rechèch Etid Kreyòl (REK)  ki pale sou grafi kreyòl la, an patikilye eleman ki soti nan sandi yo, sètadi eleman lyezon nou jwenn tankou nan an Ayiti, Lèzantiy, eks. Se yon atik ki travay sou yon pwoblematik anpil moun ekri sou li tankou Akademi Kreyòl la, Pwofesè Michel Degraff, eks. Malerezman pa ko gen yon konsansis sou jan pou nou ekri eleman sa yo. Se 2 atik sa yo mwen ta renmen siyale espesyalman.

FKE : Kòm Dwayen Fakilte Lengwistik Aplike, pale nou de sitiyasyon Fakilte a nan moman sa a, espesyalman pa rapò ak kriz ensekirite a.

RG : Nou nan yon sitiyasyon ki ekstrèmman difisil. Nan espas Fakikte a, nou pa kapab akeyi plis pase 250 etidyan yon sèl kou. Men kounye a moun ki okipe espas la anviwon 1 500. M ap mande kijan yo fè fonksyone nan Fakilte a paske mwen pa wè kijan pou 1 500 moun kapab viv nan espas la.  Lè nou di nou pa kapab pran plis pase 250 etidyan an, men etidyan yo chita, men moun sa yo leswa yo kouche, yo lonje kò yo. Kidonk mwen pa konn kòman yo fè. Erezman yo pa monte nan ansyen batiman an paske batiman sa a an movèz eta. Li te konstwi pou 10 zan, epi 10 zan an rive depi 2021. Kidonk nou oblije kraze li. Erezman tou lè moun yo te vini an nou te fè yo monte anlè a pou yo konstate pa gen posibilite pou moun rete anlè, kidonk si yo ta fè sa, y ap plonje ak tout batiman an sou moun ki anba yo. Yo tande larezon. Jiskounye n ap pale a, yo rete rezonab, yo pa monte. Nou kapab di pa gen gwo gwo dega, eksepte anpil chèz nou pèdi ak kèk mobilye. Sa ki difisil ankò, genyen yon lòt batiman nou fè. Depi 2014 nou nan konstriksyon sa a. Finalman nou gen mwayen pou nou te tèmine li men akoz moun ki okipe li yo nou pa kapab. E se yon lajan nou te genyen nan kad yon pwojè yon òganis te mete disponib pou nou te mete 2èm etaj la. Nou pa kapab travay akoz moun yo ki okipe espas la. Kidonk nou dwe remèt lajan an. Pwojè a fini depi 30 septanm ki sot pase a e nou genyen jiska nowèl pou nou remèt lajan an si moun yo pa soti nan batiman an pou nou fini travay la. Ou konprann nan kisa nou ye ? Yon Bagay nou t ap chèche anlè depi 2014 nou pa te ka jwenn li, finalman nou vin jwenn li atè epi yon lòt pwoblèm konsa anpeche nou avanse.

FKE : Ki pwen nou pa abòde la a epi ou jije li nesesè pou ou ta pale de li ?

RG : Mwen panse nou abòde kesyon ki esansyèl yo. Mwen ta renmen ensiste sou yon bagay : tankou mwen te di li vandredi 25 la lè m t ap klotire jounen etid la, sa fè lontan, depie 1983, n ap fè manifestasyon sosyokiltirèl, fòlklorik sou kreyòl, men kreyòl la merite plis pase sa jodi a. Li merite pou nou fè plis manifestasyon syantifik pou nou pèmèt rive fè plis moun konprann jan kreyòl la fonksyone, oubyen nou travay sou plan antwopolojik, etnlojik pou montre moun yo nesesite pou yo pratike kreyòl la, men tou valè fondamantal, kiltirèl, kreyòl la genyen nan lavi nou pou nou sispann wont pale kreyòl epi pou nou sispann gade kreyòl la kòm yon eleman ki devalorizan. Kreyòl la se esans nou, nou pa ka wont kreyòl la. Se vre lekòl te anseye nou fè li yon fason. Men se vre jodi a bagay yo evolye e gen plis enstitisyon ki montre nou sa lekòl te montre nou an se pa sa li ye vre, kidonk jodi a se bon pou nou konfòme nou ak nouvo reyalite yo. Kreyòl, se lang ki sèvi pou defini nou, se lang ki sèvi pou defini idantite nou !

FKE : Mèsi anpil Pwofesè Govain. Se te yon plezi pou Fyète Kreyòl Enfo te genyen ou.

RG : Mèsi anpil !

Se Shelovenie Jean ki reyalize entèvyou sa a !

Description de l'image