Pwofesè-Chèchè Obrillant Damus, yon ansyen etidyan Fakilte Lengwistik Aplike ki vin pwofesè nan Inivèsite Leta d Ayiti, kontinye briye sou sèn entènasyonal la lè li vin youn nan gayan yon konpetisyon tèks entènasyonal UNESCO te òganize. Konkou sa a te gen pou tèm «Bati yon nouvo kontra sosyal. Pèspektiv sou kesyon gouvènans yo»
Se 80 moun ki te gen posiblite patisipe nan konkou entènasyonal sa a. Damus se sèl kreyolofòn ki te Parisien nan konkou tèks sa a epi ki soti youn nan gayan yo. Tèks sa yo gen pou yo pibliye nan yon nimewo espesyal jounal UNESCO « Prospects ».Anplis, gras a atik li a ki ekri an anglè sou tèm «Regenerative and restorative pedagogy: The foundation of a new contract for cognitive justice», Pwofesè Damus se youn pami 9 otè sou 28 ki envite pou prezante travay yo nan yon konferans entènasyonal. Se UNESCO ak Konsèy Mondyal pou Edikasyon Konparatif nan Cornell University, Ozetazini, k ap òganize evènman sa a, jiyè pwochen.
Rektora Inivèsite Leta Ayiti a salye reyalizasyon eksepsyonèl sa a. Rektora a deklare nan yon nòt pou laprès, li mete aksan sou enpak pozitif travay pwofesè Damus genyen sou repitasyon Inivèsitè Leta a ak peyi a.
Pwofesè Damus abitye ranpòte konkou entènasyonsl sa. Nan lane 2020, li te youn nan ganyan yo nan konpetisyon entènasyonal UNESCO te òganize pou chwazi otè yo nan yon rapò sou avni edikasyon an.
Pwofesè Obrillant Damus se Doktè nan Sisyoloji Lasante. L ap anseyan nan inivèsitè Leta Ayiti a depi kèk ane nan pwogram Metriz an Istwa, Memwa ak Patrimwàn ki fèt nan Enstiti Etid ak Rechèch Afrikèn (IERAH / ISERSS).
