Pwofesè : metye ki pi enpòtan nan sosyete a

Pwofesè Medgine François, LMJ

Nan anpil peyi nan lemonn, yo chwazi yon jou pou fete pwofesè. Men jou sa a pa menm nan tout peyi. An Ayiti, se 17 me yo mete apa pou fete pwofesè yo.

Nan tan nòmal, jou 17 me sa a se gwo koze nan anpil lekòl nan peyi a. Anpil elèv konn prepare bon jan sipriz pou pwofesè yo : fèt, mizik, kado, manje, eks. Nan kèk lise nan kapital la, depi yon pwofesè gen kou nan  yon klas kèk jou avan 17 la, elèv konn ap mande pwofesè sa a : Mesye, Madam, w ap nan lekòl la jou sa a (17 me) ? Se jou vrèman yo konn bay pwofesè yo tout onè yo merite.

Elèv sa yo montre yo rekonesan epi yo rekonèt sa yon pwofesè vo nan lavi yo. Si yo te nan plas Leta, pwofesè t ap resevwa tout onè, tout apresyasyon, tout lanmou li merite nan sosyete a.

Pwofesè se potomitan yon sosyete. Se yo k ap fòme moun nan tout domèn pou ede sosyete a vanse. Pa gen metye ki pa enpòtan se vre, men pa t ap janm gen moun ki t ap kapab egzèse okenn lòt metye si pa te gen pwofesè pou te fòme li. Se pou tèt sa anpil moun, lè yo rive nan gwo pozisyon, yo toujou montre pwofesè yo rekonesans.

Pwofesè a li menm, pi gwo satisfaksyon pa li, se lè li wè elèv li ap fè siksè nan lavi a, l ap ede sosyete a pwogrese. Lè sa a li fyè paske li kapab di tèt li li te poze yon wòch nan konstriksyon lavi moun sa a.

Men se domaj Leta nan peyi d Ayiti pa bay pwofesè yo enpòtans yo merite nan peyi a. Se domaj anpil pwofesè ap mennen lavi di. Mete sou sa, yo pami kategori moun ki plis viktim vyolans jeneral k ap desanm sou peyi a tankou yon larivyè  dlo sal ki dechennen k ap pote ale tout sa li jwenn. Anpil pwofesè viktim zak kidnapin, ansasinay, genyen ki resevwa grenn bal mawon menm andedan sal klas devan elèv yo, anpil pèdi kay yo, byen yo, eks. Epoutan yo pa dekouraje nan travay konstwi moun y ap fè a.

Nan yon sosyete nòmal ki genyen moun eklere ap dirije li, pwofesè genyen yon enpòtans total kapital. Men se pa pwofesè a li menm yo bay enpòtans la an reyalite, se sistèm edikasyon an. Paske se sistèm edikasyon an k ap pèmèt sosyete a renouvle tèt li pandan l ap evolye. Lè konsa, Leta mete gwo lajan disponib ak bon jan enfrastrikti pou li genyen yon edikasyon ki djanm. Epi yo tou valorize pwofesè a ki se potomitan sistèm edikasyon an.

Lè Leta deside mete mwayen pou gen bon jan edikasyon, lè sa a n ap genyen yon lòt sosyete. Se pou Leta envesti nan edikasyon epi pwofesè yo ap chanje sosyete a ban nou.

Se sa Lee Kwan-Yew (1923 -2015), yon Chèf d Eta nan peyi Singapou te reyalize. Li di ; Se pa mwen menm ki fè mirak nan Singapou, mwen sèlman fè devwa m anvè peyi m, mwen mete lajan Leta nan lekòl piblik yo epi mwen chanje lavi anseyan yo, mwen fè yo soti nan yon klas mizerab pou mwen fè yo tounen klas ki pi elve nan peyi a. Pwofesè a, se li menm ki fè mirak la, li pwodui yon jenerasyon ki pa nan monte kòlèt epi ki bay konesans ak moral valè, epoutan avan sa, nou te yon pèp kote youn t ap krache sou lòt epi youn te nan joure manman lòt nan lari.

Pwofesè, potomitan sosyete a, fanm vanyan, gason kouraj, se pou nou kenbe djanm. Nou pa dwe pèdi lespwa yon jou peyi d Ayiti ap genyen moun eklere k ap dirije li. Lè sa a y ap fè sa yo dwe fè a epi y a wè sa nou vo. Depi don an sot anwo n ap montre yo nou ka fè mirak. Pou dayè, nou montre sa nou ka fè deja pou nou rive kenbe nan kondisyon Leta mete nou yo.

Annatandan, menm si nou pa ka fete, nou ta ka pran yon ti tan pou you souri jodi a, malgre jan sa ye. Nou gen rezon pou nou fyè de tèt nou.

Bòn fèt tout pwofesè alawonnbadè!

Description de l'image