Pwofesè lekòl piblik yo deside frape pye yo atè nan kòmansman ane 2025 sa a pou yo di Leta twòp se twòp, Abraram di sètase, yo pa kapab kontinye fonksyone nan kondisyon mizerab yo ye a.
Se konsa Kowalisyon Platfòm Sentika pou Bon Jan Kalite Edikasyon an Ayiti (COPLASEHQ) ki regwoupe REFERANS, RENED’H, FESEN, RENTRHED, REDANO, REPANE, CO-CFEF, RENNAH, CERA, SNEF, FENADEFPH, SEGARD, lanse yon mobilizasyon grèv jeneral nan tout peyi a apati 6 janvye 2025 la pou fòse Leta tande larezon.
Nan Nò, nan Sid, nan Lwès, nan Latibonit, eks, pwofesè yo parèt mobilize pou potekole nan mouvman grèv jeneral sa a. Anpil mesaj ap sikile sou rezo sosyal yo kote diferan sendika yo deklare :
«Nan nivo maleng nan, maleng edikasyon an anvlimen la a, pa gen sere l anba pantalon ble ankò. Se mete l deyò pou doktè chèche solisyon.»
Nan sans sa a, Sendika Anseyan Nòdès (SENE), Kowalisyon Direktè Lekòl Piblik Nòdès (CODEPNE), Federasyon Nasyonal Direktè Lekòl Fondamantal Piblik d Ayiti (FENADEFPH), Rezo Nasyonal Anseyan d Ayiti (RENEH), yo tout mete ansanm ak COPLASEHQ pou anonse grèv san limit nan lekòl yo apati 6 janvye a.
An plis grèv jeneral sa a pwofesè yo lanse a, genyen tou sitin yo konte fè tankou nan Sid ak nan Latibonit nan kad mouvman revandikasyon sa a.
Pami prensipal revandikasyon pwofesè yo nou jwenn :
1. Nome tout pwofesè ki nan sal klas depi plizyè lane (kontraktyèl yo)
2. Ajiste salè tout pwofesè ak pèsonel administratif yo
3. Kat debi pou tout pwofesè ak pesonèl administratif yo.
4. Peye tout pwofesè k ap travay nan premye ak dezyèm sik fondamantal yo salè plen tan.
5 Peye tout anplwaye k ap travay nan direksyon depatmantal yo menm kòb ak sa yo ki nan biwo santral MENFP yo epi ki okipe menm pòs.
6 Peye tout aryere salè
7. Konstwi lekòl ki kraze yo k ap fonksyone anba tant
8. Bay chak elèv yon plat manje chak jou
Yon pwofesè nou te poze kesyon sou sa ki konn rive lè gen grèv nan lekòl piblik yo epi pwofesè yo kontinye al travay nan lekòl prive, li te fè nou konnen si Leta te pran responsabilite li, pwoblèm lekòl prive a pa t ap menm poze paske konstitisyon peyi a fè Leta obligasyon pou li mete lekòl gratis pou tout timoun.
