Primati mande Ministè Komès rale zòrèy ponp ki pa vle aksepte fich gaz yo

Nan yon kominike pou laprès nan dat 15 janvye 2025, Primati fè piblik la konnen li ekri Ministè Komès ak Endistri konsènan yon seri pratik ki inakseptab li konstate nan kèk ponp gazolin ki fè espre yo derefize aksepte fich gaz yo deja peye pou yo a. Yo bay tout kalite pretèks pou sa. Epoutan enstitisyon Leta yo, se pa nan magouy yo jwenn fich gaz sa yo, daprè kominike a.

Primati fè konnen konpòtman magouyè ponp sa yo koze anpil tò pou moun ki benefisye fich gaz sa yo, epi se pa bagay ki kadre ak pratik komèsyal.

Nan sans sa a, Primati mande Ministè Komès ak Endistri pou li pran tout mezi ki nesesè pou mete fen prese prese nan ajisman ki merite kondane sa yo, epi pou li bay ti tap sou do men, sanksyone moun ki pa vle konfòme yo kòmsadwa.

Primati a fè konnen de je l kale l ap veye pou dwa sitwayen yo ak enstitisyon yo respekte, pandan l ap travay pou sèvis piblik yo byen fonksyone. Li tou mande tout pati ki konsène yo pou yo montre yo dwat epi yo se pwofesyonèl pandan y ap fè tout sa yo dwe fè.

Description de l'image