Nan yon kominike pou laprès nan dat 1e novanm 2025, Primati fè konnen Gouvènman an ak Konsèy Tranzisyon an lanse Pwogram Ranfòsman Kapasite Pati Politik yo, nan yon seremoni solanèl ki te fèt nan Karibe. Men sa kominike a di :
Premye Minis la, Mesye Alix Didier Fils-Aimé, ansanm ak manm Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an, te lanse, samdi 1e novanm 2025 lan, Pwogram Ranfòsman Kapasite Pati Politik yo, nan yon seremoni solanèl ki te fèt nan Karibe Convention Center, nan Jivena.
Inisyativ sa a, ki gen enpòtans nasyonal, rantre nan kad volonte fèm Gouvènman Tranzisyon an pou redinamize lavi politik peyi a, fòme ak ranfòse kilti demokratik la, epi kreye kondisyon pou òganizasyon eleksyon lib, demokratik epi san konfli.
Pwogram nan pral pèmèt plis pase mil lidè ak reprezantan pati politik ki soti nan dis depatman peyi a jwenn bon jan fòmasyon. Fòmasyon sa yo ap dewoule atravè twa gwo sant rejyonal : Pòtoprens (Lwès), Okap (Gran Nò) ak Okay (Gran Sid).
Twa aks prensipal pou modènize ak ranfòse lavi politik la
Pwogram nan chita sou twa modil konplemantè, gouvènman an konfye konpayi ayisyèn ki gen eksperyans nan domèn yo modil sa yo :
1. CPDEP ap okipe ranfòsman òganizasyonèl ak fonksyonèl pati yo, sou tèm gouvènans entèn, etik politik ak lalwa elektoral.
2. Groupe Croissance S.A. ap dirije ranfòsman kapasite finansye ak jesyon, pou ankouraje transparans ak bon itilizasyon resous yo.
3. DAGMAR S.A. ap mennen ranfòsman kapasite kominikasyon ak teknoloji, pou modènize fason pati yo sèvi ak zouti dijital ak kominikasyon piblik.
Se Pwofesyonèl ayisyen ki fè Pwogram sa a pou pwofesyonèl ayisyen, pou mete an valè konpetans nasyonal yo epi garanti dirabilite konesans yo pral pran yo.
Yon inovasyon pou plis transparans ak modènizasyonSeremoni an te make tou ak prezantasyon nouvo platfòm dijital pou anrejistreman pati politik yo ak manm yo, devlope pa GSIS (Groupe de Support en Informatique et en Statistique).
Seremoni an te make tou ak prezantasyon nouvo platfòm dijital pou anrejistreman pati politik yo ak manm yo, se GSIS (Groupe de Support en Informatique et en Statistique) ki deblope li.
Zouti sa a make yon pwogrè enpòtan nan modènizasyon ak transparans sistèm politik ayisyen an, paske li pral pèmèt Leta gen yon baz done serye, sekirize y ap toujou mete ajou.
Yon angajman klè pou retou nan lòd konstitisyonèlNan diskou li, Premye Minis la te salye mobilizasyon tout aktè politik yo. Li fè konnen inisyativ sa a montre volonte Gouvènman an pou akonpaye pati politik yo nan pwosesis elektoral la, pou remèt nan pi kout delè posib, peyi a nan men otorite lejitim pèp la va chwazi lib e demokratikman.
Nan diskou li, Premye Minis la te salye mobilizasyon tout aktè politik yo. Li fè konnen inisyativ sa a montre volonte Gouvènman an pou akonpaye pati politik yo nan pwosesis elektoral la, pou remèt nan pi kout delè posib, peyi a nan men otorite lejitim pèp la va chwazi lib e demokratikman.
Li raple tou demokrasi a bati sou fòmasyon, dyalòg ak responsabilite kolektif, epi li envite tout pati politik yo pou yo adopte yon kilti gouvènans ki chita sou konpetans, tolerans ak transparans.
Premye sesyon fòmasyon yo ap kòmanse pandan mwa novanm 2025 nan twa rejyon ki idantifye yo. Chèf Gouvènman an renouvle detèminasyon li pou akonpaye tout fòs politik yo nan pwosesis sa a, ansanm ak enstitisyon piblik yo, patnè teknik ak finansye yo, epi òganizasyon nasyonal ki gen eksperyans nan domèn nan.

