Primati bezwen rekipere materyèl ki te nan men kontraktyèl yo

Nan yon nòt ki pote dat 6 jen 2024, Sekretarya Jeneral Primati Repiblik d Ayiti a envite tout ajan piblik ki te gen kontra ki t ap ba li sèvis men ki fini, pou yo pote tounen tout materyèl ak ekipman, ladan yo machin, Primati a te mete a dispozisyon yo, jan atik 12 ak 18 kontra a mande sa.

Daprè sa nòt la presize, se nan Sekretarya admistratif Primati a, nan rezidans ofisyèl Premye Minis la, nan Miso, Dèlma 60, pou ajan piblik kontraktyèl yo pote byen sa yo remèt.

Sekretarya Jeneral Primati a fè konnen depi nòt sa a soti, moun ki konsène yo gen yon delè 48 è pou yo obeyi. Si yo pa fè sa, li fè konnen Primati a ap itilize tout mwayen legal li genyen pou li kapab rekipere byen yo.

Description de l'image