Nan yon kominike pou laprès nan dat 8 janvye 2025, Primati a enfòme piblik la an jeneral ak laprès an patikilye genyen yon konsèy minis espesyal ki te fèt mèkredi 8 janvye 2025 la.
Konsèy minis sa a te chita sou plizyè pwen ki enterese nasyon an, tankou sekirite piblik, kriz alimantè ak agrikòl, konsekans gwo lapli ki te tonbe denyemen yo, konsèy minis ant 2 nasyon Kolonbi-Ayiti, epi plan pou lane 2025.
Pou sa ki konsène sekirite piblik, Kominike a fè konnen sa rete youn nan pi gwo priyorite gouvènman an. Nan sans sa a, konsèy minis la te diskite sou mezi ki nesesè pou yo remete kanpe sant dakèy yo pou yo kapab reprann kontwòl timoun ki te anwole nan gang yo epi refè edikasyon yo, pou yo kapab gen chans rejwenn plas yo nan sosyete a, sa ki pral garanti yo yon pi bon demen.
Yon lòt kote, toujou nan sa ki gen pou wè ak sekirite, konsèy minis la te montre jan li ijan pou yo ranfòse kapasite enstitisyon ki la pou asire sekirite yo. Konsa yo te jije li endispansab pou yo adopte dekrè ki gen rapò ak Fon Soutyen Sekirite Nasyonal la (FSSN). Nan menm tan, yo pase lòd fòmèl pou Lapolis Nasyonal d Ayiti ak Fòs Lame d Ayiti jwenn bon jan bourad pou pèmèt yo konbat ensekirite a kòmsadwa.
Pou kriz alimantè a, konsèy minis la mete de men nan tèt lè l ap analize chif ki pale sou sitiyasyon ensekirite alimantè a. Konsa kominike a fè konnen yo pral pran mezi prese prese pou pote repons pou kriz alimantè a epi remanbre sektè agriköl la.
Konsènan gwo lapli ki te tonbe denyemen yo ki te afekte Okap, Pòdepè, Okay, Jeremi ak lòt kote nan peyi a, konsèy minis la te diskite sou kijan yo dwe akonpaye viktim yo pandan y ap planifye estrateji pou popilasyon an kapab reziste anba move tan.
Pou konsèy minis ant 2 peyi Kolonbi-Ayiti ki te fèt an Kolonbi 18 desanm 2024 pase a ki te gen objektif pou ranfòse koperasyon ant 2 peyi yo nan domèn lapè, sekirite, jistis, migrasyon, ekonomi, edikasyon ak kilti, yon delegasyon Kolonbi ap rantre Jakmèl nan mwa sa a nan kad suivi tout kesyon sa yo.
Anfen pou sa ki konsène plan pou 2025, konsèy minis la defini priyorite egzekitif la ki se retabli sekirite nasyonal, òganize refòm konstitisyon epi òganize eleksyon jeneral, jan akò politik 3 avril 2024 la mande sa pou yon tranzisyon k ap fèt nan lòd ak lapè.
N ap souliye tout lekòl piblik nan peyi a fèmen depi lendi 6 janvye 2025 la akoz yon mouvman grèv san limit sendika anseyan yo lanse pou mande gouvènman an chanje kondisyon travay yo. Men kesyon sa pa te debat nan konsèy minis espesyal sa a, kòmsi zafè edikasyon, kondisyon lavi anseyan yo pa rantre nan priyorite pou pi gwo otorite peyi yo.
