Primati ap resevwa dosye pou moun ki vle fè pati Komisyon Nasyonal Mache Piblik

Primati lanse yon apèldòf pou li kapab fè rekritman sou dosye kandida ak kandidat ki pou vin fè pati Komisyon Nasyonal Mache Piblik, konfòmeman ak lwa 10 jen 2009 sou Mache Piblik ak Konsesyon Ouvraj Sèvis Piblik.

Komisyon Nasyonal Mache Piblik la se ògàn ki reglemante Administrasyon Piblik Nasyonal la. Misyon li se kontwole sistèm mache piblik yo ak konsesyon ouvraj sèvis piblik yo, san li pa elimine pouvwa jeneral lòt ògàn kontwòl Leta yo. Komisyon Nasyonal Mache Piblik la plase anba otorite Premye Minis la.

Se senk (5) pòs ki disponib pou vini Manm CNMP pou yon manda twa (3) zan k ap kapab renouvle yon sèl fwa, epi se Pòtoprens Manm yo ap gen pou travay.

Travay prensipal Manm CNMP a se veye pou règ sou Mache Piblik la ak Konsesyon Ouvraj Sèvis Piblik la respekte kòmsadwa.

Pou yon moun kapab vin Manm CNMP, li dwe ranpli kondisyon sa yo :

1. Li se Ayisyen (Ayisyèn)

2. Li gen 30 an akonpli

3. Founi yon sètifika bòn vi e mès yon Tribinal Premye Enstans nan lye rezidans li ba li ki montre li pa te janm kondane pou okenn pèn ki te jete li nan lawont epi li t ap fè travay fòse.

4. Founi yon atestasyon Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ) ki montre yo pa t ap chèche li, yo pa te arete li ni pa gen plent kont li.

5. Founi yon atestasyon DGI ki montre li pa gen pwoblèm nan enpo li.

6. Founi, si nesesè, prèv deklarasyon patrimwàn li lè li t ap antre ak lè li t ap kite yon fonksyon ki te mande pou li te ranpli fòmalite sa a.

7. Genyen yon diplòm inivèsitè, lisans omwens, nan Dwa, nan Administrasyon Piblik, nan Ekonomi, nan Finans, nan Jesyon, nan Syans enjeniri osinon nan yon disiplin teknik ki gen rapò ak mache piblik epi jistifye li genyen yon eksperyans pwofesyonèl omwens dis (10) zan nan youn nan domèn ki site la yo.

8. Montre li gen konesans ak eksperyans nan pasasyon mache piblik ak konsesyon ouvraj sèvis piblik.

9. Li te resevwa dechaj pou jesyon li si t ap jere lajan Leta.

Moun ki metrize pwosedi pasasyon mache piblik la gen yon avantaj.

Kandida osinon kandidat ki enterese a dwe voye dosye kandidati li nan anvlòp fèmen bay « Panèl ad hoc seleksyon kandida pou CNMP/ Sekretarya Jeneral Primati avèk mansyon « Apèl pou kandidati pou pòs Manm CNMP », dosye a dwe genyen ladan li :

1. Yon lèt motivasyon

2. Pyès idantifikasyon pèsonèl (kopi ou an koulè NIN ak NIF)

3. Yon CV detaye ki akonpaye ak pyès jistifikatif

4. Dokiman ki gen rapò ak kalifikasyon avi sa a mande yo avèk lèt referans enstitisyon osinon moun kandida a / kandidat la te travay avèk yo nan domèn pasasyon mache pandan sis (6) dènye ane yo.

Atansyon : Tout ansyen manm CNMP ki ta vle depoze kandidati li ap soumèt sètifika atik 17 arete 26 oktòb 2009 la prevwa a epi ki detèmine mòd òganizasyon ak fonksyònman Komisyon Nasyonal Mache Piblik la nan plas lèt referans yo mande lòt kandida yo.

Dat limit pou soumèt dosye kandidati yo se 24 janvye 2025.

Description de l'image