Primati anonse yon Konsèy Minis nan palè nasyonal pandan kout bal fè mikalaw sou Channmas

Nan yon kominike pou laprès nan dat 9 oktòb 2025, Primati anonse popilasyon an genyen yon Konsèy Minis k ap dewoule nan palè nasyonal anba otorite Prezidan Konsèy Tranzisyon an nan prezans Premye Minis la.

Nan menm moman an, plizyè medya rapòte katafal kout zam otomatik nan anviwònman palè nasyonal la sou Channmas, kòmkwa gwoup zèfèyis yo ta jije yo pa te bay otorite yo pèmisyon pou fè radiyès pèmèt al fè Konsèy Minis nan jiridiksyon yo.

Pou Primati, reyinyon sa a se yon gwo etap ki sèvi kòm senbòl nan detèminasyon li di Leta genyen pou li reprann kontwòl sant vil Pòtoprens ti pa ti pa.

Avan Konsèy Minis la, te genyen bèl seremoni monte drapo kote tout gwo zotobre nan pouvwa yo te patisipe.

Premye Minis la deklare Leta ap leve tèt li ti pa ti pa, dousman, avèk kouraj ak detèminasyon. Li fè konnen y ap reprann kontwòl kapital la epi y ap bay pèp la sekirite ak diyite li nerite a.

Men, ta sanble sa otorite di, se pa sa bandi di.

Description de l'image