Prezidan Luis Abinader : E si se ta yon remòdkonsyans ?

Prezidan dominiken an, Mesye Luis Abinader, siyen yon dekrè jedi 27 fevriye 2025 la kote li kalifye gwoup kriminèl k ap simen dèy ak dezolasyon an Ayiti yo de «òganizasyon teworis», daprè sa anpil medya an Ayiti rapòte.

Kòm konsekans dekrè sa a, Prezidan an fè konnen Leta dominiken ap pousuiv tout manm gang sa yo ki ta eseye pile tèritwa dominiken an, y ap arete yo epi y ap jije yo daprè lalwa kont teworis.

Epoutan, desizyon sa a pou deklare gwoup kriminèl yo «òganizasyon teworis» la pa sanble kadre ditou ak ajisman Prezidan Luis Abinader k ap mennen yon politik migratwa sovaj kont Ayisyen de bra balan k ap eseye chape anba menm «òganizasyon teworis» sa yo.

Gen bagay k ap pase Ayiti kounye a, li ta difisil pou yon moun imajine sa ta ka posib menm nan lanfè. Pami tout sa k ap rive yo, gen ka Eliana Thélémaque ak ti bebe li a ki pèdi lavi yo nan kondisyon atwòs, yon fason inimajinab.

Si nouvèl sa a boulvèse kominote ayisyèn nan, se sèten li travèse fwontyè, se sèten van bwote l al lage nan zòrèy gwo zotobre nan kominote entènasyonal la ki kwaze de bra yo pou kite yon pèp ap peri konsa. Nasyonzini k ap pase peyi a nan rizib ak yon jwèt misyon miltinasyonal Kenya dwe tande.  Menm jan tou, pawòl la dwe tonbe nan zòrèy otorite Repiblik Dominikèn yo.

Men Eliana Thélémaque se yon moun ki t al pran refij an Repiblik Dominikèn epi yo te pimpe tounen. Vwala kèk tan apre, dram sa a frape li ak tout ti lezanj la sou bra li.

Se vre tout peyi gen dwa pou detèmine kilès ki kapab rantre oswa rete sou tèritwa li. Men Eliana Thélémaque se pa te yon senp refijye ekonomik. Se te yon manman de bra balan ak yon ti bebe sou bra li ki t ap chèche sekou pou li pa te pase anba firè gwoup kriminèl yo.

Refize pwoteje yon manman ak yon ti bebe sou bra l epi voye l anba gwoup kriminèl ou rele «òganizasyon teworis» yo pa kadre ak okenn lojik. Petèt yon remòdkonsyans !

Description de l'image