Prezidan Kolonbyen an, Mesye Gustavo Petro fè konnen jodi dimanch 26 janvye 2025 la li entèdi 2 avyon militè ameriken ateri nan peyi li. Avyon sa yo t ap transpòte migran gouvènman ameriken an pouse do mete deyò Etazini.
Prezidan Petro fè konnen l ap aksepte migran yo refoule yo men se avyon sivil ki pou transpòte yo epi yo dwe trete yo ak diyite, yo pa dwe trete yo tankou kriminèl.
Li ekri sou X :
«Yon migran se pa yon kriminèl, yo dwe trete li ak diyite yon moun merite pou yo trete li. Se poutèt sa mwen fè avyon militè ameriken ki t ap transpòte migran kolonbyen yo kase tèt tounen.»
An reyaksyon, Prezidan ameriken an montre li monstre anpil pou Prezidan Kolonbi a gen dwa oze kenbe tèt ak li. Li anonse yon pakèt mezi ki vize pini Kolonbi, youn nan pi gwo alye Etazini nan Amerik Latin nan.
Li fè konnen Etazini enpoze la menm yon tarif dwanye 25% sou tout sa Kolonbi ap voye vann Etazini, epi l ap ogmante yo nan 50% nan yon semèn.
Administrasyon ameriken an pral mete sanksyon bankè ak finansye kont Kolonbi epi l ap mete entèdiksyon vwayaj, revokasyon viza pou fonksyonè nan gouvènman an, daprè sa Prezidan ameriken an deklare.
