Prezidan Iran an mouri nan aksidan elikoptè

Prez. Ebrahim Raïssi, KF: Ed Jones/AFP

Jan kè tout moun te sou biskèt apre nouvèl aksidan elikoptè ki t ap transpòte Prezidan Iran an, Ebrahim Raïssi, nan zòn pwovens oksidantal nan Ayzèbadjan oryantal la, Teheran finalman konfime nouvèl tèrib la lendi 20 me 2024 la.

Rechèch yo te dire anpil men sa yo pa te swete a se sa ki rive. Prezidan Iran an, Ebrahim Raïssi, ansanm ak Minis Afè Etranjè a, Hossein Amir Abdollahian, mouri nan aksidan elikoptè a ki t ap transpòte yo pandan yo t ap retounen an Iran apre yo te soti nan misyon nan Ayzèbadjan.

Nòmalman se Vis Prezidan an, Mohammad Mokhbér, ki ta dwe kenbe pouvwa a jiskaske eleksyon fèt nan 50 jou pou yo eli yon nouvo Prezidan.

Description de l'image