Prèske yon milyon dola pou moso napkin Messi te siyen premye kontra li nan Baselòn

Fyète Kreyòl Enfo Tag
Angela Weiss/AFP/Getty Images (vya CNN)

An jeneral lè yon moun fin sèvi avèk yon moso napkin, li jete li. Men si Messi te manyen li, li kapab vo yon milyon dola.

Se nan dat 14 desanm 2000 premye kontra Lionel Messi te redije sou yon moso napkin pou li te kapab vini jwè ekip Baselòn nan. Lè sa a Messi te gen 13 an. Ebyen ajans britanik Bonhams vann moso napkin sa a ozanchè pou 762.000 liv estèlin, sa ki égal 967.740 dola, jou vandredi 17 me 2024 la.

Se pandan yon dejene kontra sa a te siyen nan  Baselòn. Lè sa a, Carles Rexach ki t ap sibi  presyon Jorge Messi, papa Lionel Messi  ki te menase pou Messi ale nan lòt klèb, li te santi se bon moman an. Kòm li pa te gen papye, li te pran yon moso napkin ak on plim ble epi li prese ekri yon kontra 8 liy pou li te konkli yon akò avèk jèn Ajanten an ki ta pral vini, kèk ane apre, pi gran jwè ki janm jwe nan ekip Baselòn nan.

Men sa ki te ekri nan kontra a : « Baselòn, 14 desanm 2000, nan prezans Josep Maria Minguella ak Horacio Gaggioli, Carles Rexach, direktè espòtif  FC Baselòn, aksepte, sou responsabilite li epi san sa pa depann de tout opinyon ki pa ta dakò, pou siyen jwè Lionel Messi, a kondisyon nou respekte montan nou dakò sou li a.»

Se moso napkin sa a ki louvri pòt Baselòn pou Lionel Messi. Pandan tan li fè nan ekip sa a, Messi ranpòte 35 tit, pami yo 4 ligdèchanpyon ak 10 liga. Li  make 672 gòl epi li pran 6 balon dò. Li  pran 2 lòt balon dò, youn pandan li nan PSG, youn pandan li nan Entè Mayami.

Moso napkin sa a vrèman vo lò lè ou konsidere dimansyon jwè sa a Lionel Messi ye a.

Description de l'image