Daprè yon estimasyon Ajans Migrasyon Nasyonzini, plis pase 670 moun pèdi lavi yo nan yon tèrib deboulonnay tè ki fèt nan Papwazi Nouvèl Gine.
Deboulonnay tè sa a antere yon vilaj nan peyi sa a ki twouve li nan Pasifik sid la. Rechèch yo ap rapousuiv epi yo pè pou bilan an pa vin pi lou.
Serhan Aktoprak ki se yon fonksyonè Migrasyon Nasyonzini ki baze nan Pò Mòsbi, kapital Papwazi Nouvèl Gine a, di AFP gen anviwon 150 kay ki antere anba tè epi 670 moun mouri. Men sa ap pran tan pou yo gen yon bilan definitif.
Deboulonnay tè a fèt nan lannuit jedi pou louvri vandredi a 3 zè nan maten nan pwovens Enga nan sant peyi a. Li siprann moun yo nan dòmi epi li antere yo ak tout kay yo anba labou ak wòch.
Sitiyasyon sekou yo konplike paske tè ak wòch kontinye ap glise epi dlo ap koule, sa ki kreye gwo danje pou moun ki sou plas yo. Moun sa yo itilize sa yo genyen tanbou baton, pikwa pou eseye retire kèk moun anba tè a.
Pi rèd ankò, lagè ant tribi te bloke sèl wout ki mennen nan vilaj la. Se sa ki fè lame Papwazi Nouvèl Gine a mete an plas yon eskòt sekirite pou sekou yo kapab rive nan zòn sinistre a.
Se anpil labou ak wòch ki soti nan mòn nan ki al antere vilaj la. Òganizasyon imanitè yo fè konnen deboulonnay tè a detwi bèt yo, jaden yo epi li konble sous dlo potab yo.
