Klèje Pawas Nòtredam Pèpetyèl Sekou nan Dèlma 75 la pibliye yon nòt pou laprès kote li pote presizyon sou ensidan ki te rive sou lakou legliz la jou dimanch maten 5 janvye 2025 la.
Nòt la fè konnen Pawas Nòtredam Pèpetyèl Sekou gen regrè pou li enfòme gen yon ensidan trajik ki te pwodui sou lakou legliz la pandan kire a ki te antoure ak kominote pawasyal la t ap selebre Epifani Senyè a ki se yon seremoni solanèl. Malerezman, toujou daprè nòt la, gen yon moun ki pèdi lavi li nan evènman sa a, moun sa a se Mesye Robenson Rendel.
Klèje Pawas la presize se pa te yon atak dirèk kont fidèl yo ki t ap lapriyè nan legliz la. Rapidman yo te alète otorite konpetan yo k ap degaje yo kou mèt Jan Jak pou yo fè limyè sou dram sa a ak sa ki lakoz li.
Klèje Pawas la mete li ansanm ak tout fidèl nan kominote a pou yo prezante tout senpati yo bay manm fanmi viktim nan, Mesye Robenson Rendel epi yo fè konnen y ap lapriyè pou yo epi yo kanpe bò kote yo.
Klèje a vle pwofite bay fidèl yo garanti yo pran tout dispozisyon pou garanti sekirite yo, pandan li mande yo pou yo kenbe lafwa yo tou limen ak esperans yo vivan nan moman sa yo ki mande pou nou kontanple limyè Kris la ki vin kwapre fènwa nou yo.
Anfen klèje Pawas Nòtredam Pèpetyèl Sekou nan Dèlma 75 la swete pou zetwal ki te gide Maj yo jiska Bètleyèm kontinye gide nou nan yon demen kote lapè, lajistis, respè pou lavi ak diyite moun ap renye.

