Nan yon mesaj ki pibliye sou rezo sosyal X jodi mèkredi 29 me a, Doktè Garry Conille di li santi li onore paske se li menm Konsèy Tranzisyon an chwazi kòm nouvo Premye Minis Ayiti.
Li tou pwofite di tout òganizasyon nan sosyete sivil la, pati politik yo, ak manm dyaspora a ki te pwopoze non li pami lòt kandida ki te nan kous pou vin dirije gouvènman tranzisyon an mèsi anpil.
Doktè Conille pwomèt li pral travay ansanm ak lòt aktè yo pou yon demen miyò pou tout pitit nasyon nou an.
N ap raple se madi 28 me a Konsèy Tranzisyon an te fè chwa Garry Conille pou vin dirije Primati a sou baz yon konsansis. Nouvo Premye minis la pral rive nan pòs sa a nan yon kontèks difisil kote se ensekirite ak lamizè k ap taye banda nan peyi a.
