Premye Minis nome a, Garry Conille, debake nan peyi a

Premye Minis nome a, Doktè Garry Conille, rive an Ayiti jodi samdi premye jen 2024 la. Se premye Minis pwovizwa a, Michel Patrick Boisvert, ki te akeyi li nan Salon Diplomatik Ayewopò Entènasyonal Toussaint Louverture.

Pwochen chèf gouvènman tranzisyon an te gen yon tètatèt ak Premye minis pwovizwa a, lè li fenk rive. Daprè sa Primati Repiblik la anonse, de (2) mesye yo deja prevwa plizyè rankont travay.

Konsèy Tranzisyon an te chwazi doktè Garry Conille pou dirije pwochen gouvènman an nan dat 28 me. Mesye Conille te nome ofisyèlman mèkredi ki te 29 me a. Nan premye diskou li, li te pwomèt travay pou yon pi bon avni pou tout Ayisyen.

Fòk nou sonje Garry Conille, ki gen 58 lane, te deja okipe fonksyon Premye Minis soti 5 septanm 2011 pou rive 16 me 2012, sou prezidans Joseph Michel Martelly. Jis anvan yo te nome li Premye Minis tranzisyon an, li t ap okipe fonksyon Direktè Rejyonal UNICEF pou Amerik latin ak Karayib la.

Description de l'image