Nan yon mesaj li pibliye sou kont X li samdi 15 jen, Premye Minis Tranzisyon an, Doktè Garry Conille, fè konnen li menn, akonpaye ak Minis Jistis la, Mèt Carlos Hercule, li te vizite Polisye Luckson Sanon ki soti nan 19èm pwomosyon PNH la, pou li pote tout solidarite li ba li apre atak Polisye a te sibi nan kad travay li sou wout Frè a, sa gen 2 semèn.
Premye Minis la fè konnen gouvènman li a rete atache ak gwo angajman yo pran pou soutni ak akonpaye fòs lòd yo nan travay yo.

Polisye Luckson Sanon te viktim atak sa a sou wout Frè nan kad travay li epi li te soti blese grav. Pou kounye a l ap resevwa swen ka li merite nan lopital.
Sa fè kèk tan depi gang ak zam bay Leta bout tèren nan peyi a, yo di Leta men kwa manman ou, men kwa papa ou si ou kapab vin pile l. Yo vle se lalwa pa yo ki pou aplike nan peyi a, patikilyèman nan zòn metwopolitèn Pòtoprens la. Menm fòs lòd yo pa epanye anba lalwa tèrè bandi yo. Pi pre nou la, 9 jen an, gen 3 Polisye UTAG bandi sakrifye nan zòn Sanfil. Leta li menm plis ap pale epi rale kò li dèyè. Kilè pou pawòl sa yo tounen aksyon pou pèmèt popilasyon an rale yon souf anfen ?
