Jodi jedi 27 jen 2024 la, Premye Minis Doktè Garry Conille rankontre Manm Asosyasyon Endistri d Ayiti yo (ADIH) kote yo t ap diskite sou defi ekonomik ak endistriyèl aktyèl yo, ansanm ak mezi yo ta dwe adopte pou remanbre ekonomi an.
Nan okazyon sa a yo te diskite sou anilasyon taks sou enpòtasyon matyè premyè yo, amelyorasyon pwosesis dwanye yo, ranfòsman kontwòl nan fwontyè a, ak soutyen pou renouvèlman lalwa HOPE HELP la. Nan menm okazyon an Premye Minis la te mete aksan sou angajman gouvènman an pou lite kont kòripsyon epi pou modènize sistèm fiskal la ki dwe konfòm ak reyalite ekonomik aktyèl yo.
Doktè Conille renouvle angajman gouvènman an pou travay nan tèt kole avèk ADIH ak lòt asosyasyon patwon pou yo kapab kreye yon anviwònman ki favorab pou fè biznis.
Patwon yo ak Chèf gouvènman an mete yo dakò pou yo kontinye diskite pou byen peyi a.
